FloridaCommerce rete angaje anvè Floridyen yo e li konprann difikilte finansyè ak ensètitid ke pandemi an koze pou anpil Floridyen. FloridaCommerce rekonèt fristrasyon ki antoure peman anplis yo epi yap travay  anpil pou aleje difikilte ke reklaman yo ap konfronte a. Pou aleje fado pèman anplis ki sou do reklaman yo, FloridaCommerce mande pou ajoune endefiniman tout rapò ke yo tap voye nan ajans koleksyon pou tout dèt ki pa gen fwod ke reklaman yo dwe pou benefis Asistans Reyanplwa leta pou semèn ki kòmanse nan dat 1 mas 2020 jiska 4 septanm 2021. Demann sa a pa aplikab pou peman anplis fwodilez yo epi FloridaCommerce ap kontinye mennen ankèt sou peman anplis fwodilez pou asire ke endividyèl yo ak move aktè yo responsab pou aksyon fwodilez yo an akò avèk lalwa.

Lwa federal ak lwa eta a egzije pou FloridaCommerce bay Avi Diskalifikasyon ki ka gen peman anplis. Sepandan, FloridaCommerce konprann ki jan egzijans federal ak eta sa yo kapab kreye konfizyon ak gwo tèt chaje apre difikilte ekonomik reklaman yo rankontre pandan pandemi an. FloridaCommerce kontinye pran yon apwòch avèk konpasyon pou ede reklaman yo navige egzijans jiridik konplèks federal ak eta yo nan domèn chomaj, ki enkli egzijans federal ak eta yo pou peman anplis.

An repons, FloridaCommerce ap pran mezi proaktif pou soulaje enpak egzijans federal ak eta sa yo ka lakòz.




Kisa yon peman anplis ye?

Peman anplis nan Asistans Reyanplwa Eta ak federal rive se lè reklaman yo resevwa benefis kote yo pa kalifye pou resevwa akòz yon varyete de faktè.  Peman anplis ka kreye akoz yon avi  diskalifikasyon. 

Lè FloridaCommerce detèmine ke gen yon peman anplis ki fèt nan yon reklamasyon Asistans Reyanplwa se paske yo detèmine yon reklaman pa kalifye, yap distribye yon Avi Diskalifikasyon, yap voye l daprè metòd korespondans reklaman an te chwazi a. Avi Diskalifikasyon an pral di reklaman an gen yon peman anplis avèk kantite lajan reklaman an dwe ranbouse. Si reklaman an pa dakò ak Avi Diskalifikasyon an, li gen dwa pou depoze yon apèl kont Avi Diskalifikasyon an. 

Egzanp avi reklaman yo ka resevwa:

  • Diskalifikasyon Inisyal avèk Peman Anplis – yon avi yo voye bay reklaman ke nou revize yon pwoblèm sou kont yo a. Nou detèmine yo pa kalifye pou resevwa benefis. Peman anplis la atache paske reklaman  yo te touche pandan ankèt la, anvan nou te pran detèminasyon an e kounye a, nou detèmine reklaman yo pa kalifye, benefis yo te resevwa a se yon peman anplis. 
  • Avi sou Peman Anplis Federal/Siplemantè – FloridaCommerce te kòmanse distribye Avi Diskalifikasyon sou benefis peman chak semèn leta ak federal (Asistans Reyanbochaj eta PEUC, PUA, EB) nan dat [insert date]. Avi Diskalifikasyon sa a gen peman anplis sou benefis siplemantè federal (FPUC, LWA, MECU, elatriye)  ki asosye ak menm semèn peman benefis chak semèn yo te bay anvan an. Nan “Rezonman ak Konklizyon yo,”reklaman yo pral wè Nimewo Idantifikasyon Zafe ki asosye ak Avi Diskalifikasyon inisyal la pou menm semèn chomaj yo.
  • Avi pou Redetèminasyon – Se lè FloridaCommerce te deja detèmine reklaman an kalifye oswa pa kalifye epi estati kalifikasyon yo vin redétèmine apre yon demann pou rekonsiderasyon, yon desizyon apèl, yon òdonans RAAC, oswa yon desizyon tribinal. Yap distribye yon avi redetèminasyon fòm Avi Apwobasyon oswa Avi Diskalifikasyon bay reklaman an.  
  • Avi Apwobasyon pou Anile Peman Anplis – Reklaman an te fè demann pou yo anile peman anplis federal yo, epi FloridaCommerce te detèmine ke yo kalifye pou anile peman anplis la, e yo vin distribye yon Avi Apwobasyon adisyonèl.
  • Avi Diskalifikasyon pou te Anile Peman Anplis – Reklaman an te fè yon demann pou anile peman anplis federal yo a, epi FloridaCommerce te detèmine ke yo pa kalifye pou anile peman anplis la, FloridaCommerce distribye yon Avi Diskalifikasyon siplemantè. Reklaman an responsab pou ranbouse benefis peman anplis yo. Sepandan, si reklaman an pa dakò ak Avi Diskalifikasyon an, li gen dwa pou depoze yon apèl kont Avi Diskalifikasyon an. 

Opsyon Reklaman yo

Reklaman yo ka gen opsyon sa yo si gen yon peman anplis ki  etabli sou reklamasyon yo a:

Anile Peman Anplis - Fòmilè demann pou anile peman anplis la disponib sèlman pou peman anplis PUA, PEUC, FPUC, MEUC, ak LWA. Fòmilè demann pou anile peman anplis la poze reklaman yo kesyon espesifik pou detèmine si peman anplis la te akòz fot reklaman an epi si rekiperasyon peman anplis la ap kontrè ak “ekite ak bon konsyans”. 

Apèl - Reklaman pou Asistans Reyanplwa ki pa resevwa yon anilasyon pou peman anplis. Tout reklaman ki resevwa yon avi ki di yo pa kalifye gen dwa pou depoze yon apèl.

Ranbousman - Reklaman pou Asistans Reyanplwa ki bezwen ranbouse yon peman anplis.



An equal opportunity employer/program.  Auxiliary aids and services are available upon request to individuals with disabilities.
All voice telephone numbers on this website may be reached by persons using TTY/TDD equipment via the Florida Relay Service at 711.
You have selected a link to a website that is outside of the floridajobs.org domain. Control of the content of this website belongs to the website's owner and not to Florida Commerce.
OK
 
Cancel