Si yon desizyon te fè ki pa peye benefis yo, yon moun kap fè demann pou yon odyans administratif ki pral fèt pa yon abit apèl. Si detèminasyon an te apwouve peman pou benefis yo, yon ansyen anplwayè kab fè demann pou yon apèl pou detèminasyon sa. Tout demann pou yon odyans apèl dwe depoze nan 20 jou kalandriye apre dat distribisyon pou detèminasyon sa. Si 20 yèm jou a tonbe yon samdi, dimanch oswa yon jou ferve, apèl la ka depoze nan pwochen jou ouvrab la.

Kouman pou mwen ranpli yon apèl?

Ou ka soumèt demann pou yon apèl pa lapòs, faks, oswa sou entènèt nan Reconnect. Tanpri, ranpli yon Avi Fòm Apèl pou demann ou pa lapòs oswa pa faks.

Sa ki anba la yo konsidere dat ou te ranpli:

  • Lapos: Dat so Lapòs la
  • Faks: Dat yo te resevwa faks la
  • Sou Entènè: Dat limit pou soumèt apèl bay Reconnect oswa Sant èd RA.

Biwo Apèl
P.O. PO Box 5250
Tallahassee, FL 32399-5250
Faks: 850-617-6504

Sa ou dwe Tann apre ou Depoze yon Apèl

Nòmalman, odyans apèl la pral fèt sou telefòn ak tout pati yo ki ta dwe patisipe sou yon apèl konferans. Apre ou fè demann pou yon apèl sa yo kapab rive:

  1. Ou pral resevwa yon Avi sou Odyans la. Sa a genyen dat, tan ak kontak enfòmasyon pou odyans ki pwograme a. Rele davans pou nenpòt koreksyon nesesè oswa nenpòt akomodasyon espesyal nan akò ak lwa Ameriken Andikape yo. Ouka mande pou ranvwaye dat la si gen yon rezon konvenkan ki fè w pa ka patisipe nan dat sa  te pwograme a. Pou ranvwaye, w ap bezwen soumèt yon demann pou kontinye, sa ka fèt nan Sant Èd RA a anba seksyon Asistans pou Kontestasyon/Apèl Reklaman yo. Ou ka fè demann lan tou alekri anvan odyans lan avèk yon fòm demann pou kontinye ke wap bezwen voye pa lapòs nan Biwo Kontestasyon/Apèl la oswa ou ka fè sa pandan odyans lan.
  2. Yo pral kontakte ou nan dat ki te pwograme pou ou a. Abit apèl la pral mete an konferans tout pati yo ki sipoze patisipe nan odyans sa.
  3. Abit Apèl la asiyen nan ka a pral: dosye odyans la, eksplike bi pou odyans la ak apèl pwosedi yo, fè konnen tout sa ki sou dosye ka a, mete tout temwen sou sèman oswa afimasyon, kesyone pati yo ak temwen yo pou jwenn reyalite, ede pati yo pou kesyone temwen yo, epi detèmine si temwayaj ak dokiman dwe resevwa e konsidere.
  4. Ou pral resevwa Desizyon Apèl la. Yo pral voye desizyon an bay tout pati yo pi vit ke posib apre odyans lan. Desizyon an ap genyen ladan konstatasyon ki te reyalite, konklizyon ki nan lwa, ak rezilta a, ki pral afime, ranvèse, oswa modifye detèminasyon an oswa rejte apèl la.

Si ou pa dakò avèk desizyon apèl la, ou ka mande revizyon ak Asistans Reyanbochaj Apèl Komisyon an pa tipikman fe yon lòt odyans, epi desizyon yo pral baze sou temwayaj, ansanm ak prèv kit e prezante bay abit apèl la. Se poutèt sa, li trè enpòtan pou bay tout prèv ou yo nan odyans la devan abit apèl la.



Twazyèm pati reprezentan (TPR)


Yon TPR se yon antite ki fè aktivite Pwogram Asistans Reyanbochaj sou non yon moun kap fè reklamasyon pandan pwosesis apèl la. Yon TPR dwe anrejistre avek FloridaCommerce epi yon fwa anrejistre, moun kap fè reklamasyon a bezwen bay aksè a TPR la sou espesifik fonksyon ki nan RECONNECT ke li responsab . Moun kap fè reklamasyon yo ka fè sa nan Reconnect sou paj Bwat Resepsyon Moun K'ap Reklame.


An equal opportunity employer/program.  Auxiliary aids and services are available upon request to individuals with disabilities.
All voice telephone numbers on this website may be reached by persons using TTY/TDD equipment via the Florida Relay Service at 711.
You have selected a link to a website that is outside of the floridajobs.org domain. Control of the content of this website belongs to the website's owner and not to Florida Commerce.
OK
 
Cancel