Pwogram Konpansasyon Akoutèm pou Anplwaye

Pwogram Konpansasyon Akoutèm lan (Short Time Compensation Program) se yon pwogram anplwayè yo (konpayi yo) pa oblije patisipe ladann, se si yo vle, ke yo te kreye pou ede anplwayè yo (konpayi yo) kenbe anplwaye yo akondisyon ke yo diminye kantite lè travay yo bay pa semèn lè gen ralantisman tanporè nan travay la, olye pou yo leyòf anplwaye yo tanporèman. 

Si anplwayè (konpayi) pou sa w ap travay la etabli yon Plan Konpansasyon Akoutèm (Short Time Compensation Plan) epi w satisfè tout sa yo mande pou kalifye pou soumèt yon reklamasyon pou pwogram asistans pou moun ki nan chomaj (reemployment assistance) nan leta FLorida, ou pral resevwa yon chèk pasyèl pwogram asistans pou moun ki nan chomaj (partial reemployment check) pral voye pou ou kòm sipleman poutèt montan chèk travay ou te diminye.


Men sa Anplwayè a (konpayi an) bezwen pou l kalifye

  • Antanke anplwayè (konpayi), ou dwe ranpli yon aplikasyon Plan Konpansasyon Akoutèm (Short Time Compensation Plan Application).  Yon Plan Konpansasyon Akoutèm (Short Time Compensation Plan) dire yon ane, sepandan li ka renouvle si anplwaye w yo te retounen travay foultaym pandan ane plan an.
  • Se omwen 10 pousan (pa mwens ke 2) pami anplwaye w yo ki fè pati de pèsonèl la oswa ki nan yon depatman an patikilye ki fèt pou yo travay mwens èdtan ki diminye. 
  • Anplwayè yo (konpayi yo) fèt pou bay non anplwaye kap patisipe nan pwogram lan, epi yo fèt pou yo soumèt Depatman Opòtinite Ekonomik (Department of Economic Opportunity) kantite èdtan nòmal anplwaye yo abitye travay (ovètaym pa ladann).
  • Anplwayè yo (konpayi yo) fèt pou yo sètifye ke yo pral diminye kantite èdtan nòmal yo abitye travay pa semèn a omwen 10 pousan men li pa ka depase 40 pousan.
  • Sityasyon an fèt pou l tanporè olye de yon leyòf tanporè. 
Men sa anplwaye yo bezwen pou kalifye

  • Ou fèt pou se yon anplwaye foultaym, (pa pataym ni sezònye) avèk yon kantite èdtan travay regilye chak semèn (ovètaym pa ladann). 
  • Ou fèt pou satisfè tout egzijans nòmal yo pou ka etabli yon reklamasyon pou asistans pou moun ki nan chomaj nan Florida (Florida reemployment claim) epi w fèt pou soumèt bay Depatman Opòtinite Ekonomik (Department of Economic Opportunities) tout enfòmasyon oubyen dokiman ki nesesè. 
  • Etan w nan pwogram (Konpansasyon Akoutèm lan (Short Term Compensation), ou fèt pou travay ak/oswa resevwa konje peye pou TOUT èdtan anplwayè w (konpayi w) te prevwa pou travay defason pou resevwa Benefis Konpansasyon Akoutèm (Short Time Compensation Benefits) pou yon semèn.
  • Chak de (2) semèn, ou pral oblije rapòte kantite èdtan ou travay, plis kèlkeswa lajan konje peye ke yo peye w nan Short Time Compensation (Konpansasyon Akoutèm) anplwayè (konpayi) w, e si w gen yon lòt travay paktaym, wap gen pou rapòte kantite lajan w fè nan travay paktaym lan tou.
  • Si w gen kèk eklèsisman konsènan pwogram Short Time Compensation (Konpansasyon Akoutèm), tanpri kontakte anplwayè w (konpayi w) lan.
  • Edit

Aplike pou Benefis

CONNECT

Ant plizyè travay?

Pap Travay?

Kòmanse aplikasyon w lan nan CONNECT.

CONNECT Login -  CREOLE

Kesyon yo poze souvan

 Ki Jan Pou Contakté Nou

Sant Èd Asistans Reyanplwa

Pou Endividyèl: Liy Dirèk Asistans Reyanplwa
1-833-352-7759

Pou Anplwayè yo: Sant Selilè Sèvis Kliyan DEO pou Anplwayè
1-833-352-7759

Rapòte Fwòd oswa Vòl Idantite

LIY DIRÈK FROD
1-833-352-7759 

Fwod nan zafè Asistans Reyanplwa se yon krim 3yèm degre. Chak ofans ka jwenn pinisyon jiska 5 ane nan prizon ak jiska $5,000 amann.

An equal opportunity employer/program.  Auxiliary aids and services are available upon request to individuals with disabilities.
All voice telephone numbers on this website may be reached by persons using TTY/TDD equipment via the Florida Relay Service at 711.
You have selected a link to a website that is outside of the floridajobs.org domain. Control of the content of this website belongs to the website's owner and not to Florida Commerce.
OK
 
Cancel