Apre ou fin aplike pou benefis, ou bezwen fè demann pou peman benefis chak 2 semèn nan Reconnect. premye paj la nan Reconnect ap ba ou dat ki pwograme pou fe rapo semen ou. ou pral itilize lyen “ Demann pou peman benefis” ki sou premye paj la. Lyen sa pa pral paret jiskas ke dat ki pwograme a rive.  Pou chak semèn benefis ke ou ap fè demann, ou pral:

  • Reponn wi oswa non pou pliziè kesyon ki gen rapò ak abilite ou, disponiblite ak efò pou chèche travay
  • Li obligatwa pou bay kontak rechech travay pou chak semen
  • Rapòte nenpòt salè, poubwa, oswa komisyon ki soti nan nenpòt travay pou semen ou pral fè demann lan

Li trè enpòtan pou w fè demann pou benefis ou yo alè pandan nenpòt moman revizyon estanda. Ou responsab pou w fè demann pou peman benefis pa pi ta ke 7 jou apati dat ou pwograme pou fè sa a. Si w pa fè demann pou peman an alè, sa ap pèmèt ou pèdi peman pou semèn ou pwograme pou fè sa a, konsa estati reklamasyon w lan ap chanje an "Inaktif," epi wap bezwen relouvri reklamasyon w lan. Tanpri gade gid nou an sou kòman pou Relouvri Kont Asistans Reyanplwa w la ki Inaktif

Ou ka egzante pou fè demann benefis sou entènèt. Tanpri revize Avi sou Ekzanpsyon pou plis enfòmasyon.


RESOUS

Li pa nesesè pou itilize zanmi oswa manm fanmi pou sèvis entèprèt. FloridaCommerce bay asistans a moun ki pa pale anglè kòm lang prensipal yo e moun ki gen kapasite limite pou li, pale, ekri oswa konprann anglè. Nou bay asistans tou a moun ki gen lòt rezon ki fè yo pa kapab depoze yon reklamasyon. Pou pale ak yon ajan ki pale Kreyòl oubyen Panyòl oubyen pou itilize sèvis tradiksyon an, rele Sant kontak la nan: 1-833-FL-APPLY (1-833-352-7759).  Lendi jiska Vandredi de 8:00 AM jiska 6:30 PM EST.

Moun ki bezwen asistans pou depoze yon reklamasyon sou entènèt poutèt rezon legal, pa pa gen konesans òdinatè, baryè lang oubyen andikap kapab rele: 1-833-352-7759.

Translation Services   Services de traduction   Servicios de traducción   Servizi di traduzione   Übersetzungsdienst   Транслатион Сервицес   Prevoditeljske usluge   Sèvis tradiksyon   翻譯服務   翻译服务   翻訳サービス   Dịch vụ dịch thuật   خدمات الترجمة   خدمات ترجمه   Службы перевода



An equal opportunity employer/program.  Auxiliary aids and services are available upon request to individuals with disabilities.
All voice telephone numbers on this website may be reached by persons using TTY/TDD equipment via the Florida Relay Service at 711.
You have selected a link to a website that is outside of the floridajobs.org domain. Control of the content of this website belongs to the website's owner and not to Florida Commerce.
OK
 
Cancel