Benefis Asistans Reyanplwa, ke yo osi rele konpansasyon chomaj, bay benefis ranplasman salè tanporè pou moun ki kalifye ki pap travay san se pa fòt yo. Moun Florid ki bezwen ranpli yon reklamasyon pou benefis Asistans Reyanplwa ka fè sa sou Entènèt nan sistèm Reconnect la.

Reklaman ki pa janm ranpli pou benefis Asistans Reyanplwa nan Eta Florid, oswa ki pa gen aksè nan kont Asistans Reyanplwa yo depi 1ye septanm 2021, dwe kreye yon nouvo koneksyon pou kont Asistans Reyanplwa.  Yo dwe konplete yon pwosesis otantifikasyon milti-faktè pou jwenn aksè nan kont Asistans Reyanplwa yo. Pou plis enfòmasyon ak yon apèsi etap-pa-etap sou pwosesis otantifikasyon milti-faktè a, tanpri al gade Kreye oswa Jwenn Aksè nan Kont Asistans Reyanplwa w la. Si w bezwen fè chanjman nan koneksyon kont Asistans pou Reyanplwa w la, nou gen plis gid sou paj Resous Asistans pou Reyanplwa w la.

Anvan w depoze yon reklamasyon, asire ou gen enfòmasyon sa yo disponib:

  • Nimewo Sekirite Sosyal
  • Lisans chofè oswa nimewo idantite Eta a
  • Kote w te travay ou pou 18 dènye mwa yo, wap mete pou chak travay:

Anplis de sa, si ou se youn nan moun ki annapre yo, asire ke ou gen enfòmasyon sa yo

  • Pa yon sitwayen Ameriken: Nimewo Alyen Kat ou oswa lòt fòm otorizasyon pou travay
  • Militè Anplwaye: DD-214 Manm 2, 3, 4, 5, 6, 7, oswa 8 kapab itilize

  • Federal Anplwaye: SF 8 oswa SF 50
  • Manm Inyon: non sendika, nimewo sal, ak nimewo telefòn

 

Yon fwa ou fin ranpli aplikasyon ou an, ou pral oblije konplete bagay sa yo:

  • Enskri pou travay nan Employ Florida la
  • Revize Detèminasyon Monetè ou
  • Kenbe yon dosye sou kontak travay yo pou chak semèn epi fè demann benefis yo chak de semen
  • Revize paj Bwat Resepsyon Moun K'ap Reklame nan Reconnect pou konplete kesyonè ki louvri yo epi revise nenpòt mesaj ki enpòtan sou kont ou

 

Tanpri revize Fason pou Evite Pwoblèm nan Reklamasyon pou Asistans Reyanplwa pou plis enfòmasyon sou etap ou ka pran pou ede w evite pwoblèm ak reklamasyon w lan.

Ou ka egzante pou ranpli yon aplikasyon sou entènèt ak / oswa obligatwa pou fè enskripsyon travay la. Tanpri revize Avi pou Ekzanpsyon an pou plis enfòmasyon


RESOUS

Li pa nesesè pou itilize zanmi oswa manm fanmi pou sèvis entèprèt. FloridaCommerce bay asistans a moun ki pa pale anglè kòm lang prensipal yo e moun ki gen kapasite limite pou li, pale, ekri oswa konprann anglè. Nou bay asistans tou a moun ki gen lòt rezon ki fè yo pa kapab depoze yon reklamasyon. Pou pale ak yon ajan ki pale Kreyòl oubyen Panyòl oubyen pou itilize sèvis tradiksyon an, rele Sant kontak la nan: 1-833-FL-APPLY (1-833-352-7759).  Lendi jiska Vandredi de 8:00 AM jiska 6:30 PM EST.

Moun ki bezwen asistans pou depoze yon reklamasyon sou entènèt poutèt rezon legal, pa pa gen konesans òdinatè, baryè lang oubyen andikap kapab rele: 1-833-352-7759.

Translation Services   Services de traduction   Servicios de traducción   Servizi di traduzione   Übersetzungsdienst   Транслатион Сервицес   Prevoditeljske usluge   Sèvis tradiksyon   翻譯服務   翻译服务   翻訳サービス   Dịch vụ dịch thuật   خدمات الترجمة   خدمات ترجمه   Службы перевода



An equal opportunity employer/program.  Auxiliary aids and services are available upon request to individuals with disabilities.
All voice telephone numbers on this website may be reached by persons using TTY/TDD equipment via the Florida Relay Service at 711.
You have selected a link to a website that is outside of the floridajobs.org domain. Control of the content of this website belongs to the website's owner and not to Florida Commerce.
OK
 
Cancel