ESPAÑOL | KREYÒL
Paj videyo enfòmasyon an te kreye pou reponn a kesyon kouran epi pou kouvri enfòmasyon sou pwosedi ki nan tout domèn pwogram Asistans Reyanplwa (RA) a.
Èske ou gen kesyon sou kòman pou depoze yon reklamasyon? Gade videyo sa a sou kòman pou Aplike pou Benefis yo ak jwenn repons a kesyon w yo jodi a. Videyo sa a pral eksplike:
Lè w ap plen aplikasyon ou pou benefis yo, li enpòtan pou rapòte kòrèkteman tout istwa travay ou. Videyo sa a sou kòman pou Rapòte enfòmasyon sou Anplwa ou ap founi w enfòmasyon ki itil.
Ou fin depoze yon aplikasyon pou benefis, men ou pa fin sèten kisa pou w fè aprè sa. Gade videyo Aprè ou Fin Depoze Reklamansyon w lan, pou aprann kisa pou w fè annaprè.
Videyo sa a pral eksplike:
Pandan ke ou nan pwogram RA a, ou pral oblije fè demann pou peman benefis yo atravè CONNECT chak de (2) semèn.
Pifò nan reklamasyon yo ap gen pou pase nan Pwosesis pou Desizyon. Gade videyo sa a pou w ka aprann sak pase nan Pwosesis pou Desizyon an.
Yo detèmine ke ou pa kalifye pou benefis yo, men ou pa dakò. Gade videyo sa a sou Pwosesis Dapèl yo pou aprann kisa pou w fè annaprè. Videyo sa a pral eksplike:
Lwa sou Asistans Reyanplwa kapab konplèks. Li enpòtan pou swiv bon pwosedi yo pou asire peman benefis ou yo korèk pou reklamasyon w lan epi pou ka anpeche fwod. Videyo nou an sou Peman anplis ak Fwod ap asire ke ou rete sou bon kote lalwa.