Pwogram Konpansasyon Akoutèm pou Anplwayè yo
Pwogram Konpansasyon Akoutèm lan ede anplwayè yo (konpayi yo) kenbe anplwaye yo lè travay la bese tanporèman, donk anplwayè yo (konpayi yo) ankouraje anplwaye yo pataje lè travay yo olye pou yo leyòf yo.
Pwogram lan pèmèt yo bay defason pwopòsyonèl (pworata) benefis asistans pou moun ki nan chomaj (reemployment assistance benefits) a anplwaye ki gen mwens lè travay e ki touche mwens poutèt plan Konpansasyon Akoutèm lan (Short Time Compensation) pou yo evite leyòf kèk anplwaye definitivman.
Men kijan pou aplike
Telechaje fòm aplikasyon pou Program Konpansasyon Akoutèm lan (Short Time Compensation Program). Pou ka gen plis enfòmasyon, refere w a seksyon "Kesyon Moun Poze Souvan."
Men sa w bezwen pou kalifye
- Se pou anplwayè (konpayi ann) diminye kantite èdtan travay yo kòm yon solisyon tanporè pou evite yon leyòf tanporè.Anplwayè a (konpayi an) fèt pou l soumèt yon plan Konpansasyon Akoutèm bay Kowòdinatè Konpansasyon Akoutèm lan, ki nan Sèvis Pwogram Asistans pou Moun ki nan Chomaj (Short Time Compensation Coordinator, Reemployment Assistance Services).
- Anplwaye kap patisipe yo fèt pou yo te deja ap travay foultaym (omwen 32 èdtan pa semèn anvan rediksyon Konpansasyon Akoutèm lan [Short Time Compensation]), anplwaye yo fèt pou yo te anplwaye pèmanan (pa a sezon) epi anplwaye yo fèt pou yo te deja genyen yon seri èdtan fiks (ovètaym pa ladann) ke yo travay chak semèn, defason pou yo patisipe. Anplwaye yo te peye pa pyès, anplwaye ki sou komisyon, oswa ke yo te anplwaye pou fè sèten jòb, kèlkeswa kantite tan travay la pran, anplwaye sa yo pa kalifye pou yo
- Benefis Konpensasyon Akoutèm (Short Time Compensation) peyab lè kantite lè travay yo diminye de 10 a 40 pousan. Si kantite lè nòmal travay yo depase 40 èdtan, pousantaj la ap baze sou 40 èdtan.
- Lè yo soumèt reklamasyon Konpansasyon Akoutèm lan (Short Time Compensation) chak semèn, ap gen omwen 10 pousan pami anplwaye ki fè pati de pèsonèl la oswa ki nan yon inite an patikilye ki fèt pou yo travay mwens èdtan yo diminye. (De (2) anplwaye se minimòm lan pou pèsonèl la oswa pou inite ki gen 20 anplwaye oswa mwens.)
SEGSTART:9f1178a3-c569-4e76-813b-c29a419dfffe:43
Objektif Pwogram Konpansasyon Akoutèm lan
Pi ba a ou ka li objektif Pwogram Konpansasyon Akoutèm lan.
- Anplwaye yo kenbe lè gen yon ralantisman travay tanporè ka retounen founi menm nivo pwodiksyon elve yo te konn founi lè kondisyon travay la amelyore epi yo pa sibi okenn difikilte moun ki nan chomaj konplètman konn sibi.
- Lè konsa anplwayè yo (konpayi yo) pa oblije depanse okenn lajan pou rekrite, anboche ak antrene nouvo anplwaye lè kondisyon travay la amelyore.
- Anplwayè (konpayi) ki oblije diminye sou kantite anplwaye k ap travay ka itilize pwogram la kòm yon tranzisyon pou leyòf. Anplwaye ki te afekte yo ka kontinye travay a yon nivo ki redui lè konsa yo gen opòtinite pou yo jwenn yon lòt travay anvan dat yo bay pou yo leyòf yo.
Istwa Program lan
Pwogram Konpansasyon Akoutèm lan (The Short Time Compensation) te vin kreye an 1983 poutèt yon amandman Lejislatif yo te fè nan Lwa Asistans pou moun ki nan chomaj (Reemployment Assistance Law), e yo dekri amandman sa a nan Section 443.1116, Florida Statutes (Seksyon 443.116, Lwa Florida)