Pwogram Espesyal Asistans Reyanbochaj
Enfòmasyon ki ekri pi ba a bay deskripsyon pwogram ak sèvis Konpansasyon DEO ofri pou moun ki nan chomaj (DEO Unemployment Compensation).
Asistans Chomaj Poutèt Dezas
Pou depoze yon reklamasyon pou Asistans Chomaj Dezas (DUA) akòz Siklòn Michael tanpri klike ISIT LA.
Dat limit pou te aplike pou Asistans Chomaj pou Dezas (DUA) akòz Siklòn Michael a pou moun ki tap travay oswa ki tap viv nan kontre ki te afekte yo se te Lendi 31 Desanm 2018. Ekzijans pou chèche travay ak anrejistreman konplè travay yo te sispann depi 14 Oktòb pou rive 29 Desanm, 2018, pou reklaman ki te depoze yon reklamasyon kòm rezilta dirèk Siklòn Michael ak/oswa ki te travay oswa te abite nan kontre ki afekte yo.
Si ou bezwen èd pou plen aplikasyon inisyal DUA w la, tanpri rele 1-800-385-3920.
Si ou bezwen soumèt Prèv Salè pou yon reklamasyon DUA, tanpri telechaje dokiman yo atravè bwat CONNECT ou a oswa faks yo nan 1-800-222-7934.
Asistans Chomaj Dezas yo ap disponib pou moun ki:
- Tap travay oswa ki tap travay ak tèt yo oswa ki te pwograme pou al kòmanse travay oswa travay ak tèt yo;
- Pa ka travay oswa ofri sèvis yo akoz domaj fizik ki destwi etablisman kote yo travay la kòm yon rezilta dirèk dezas la;
- Ka etabli ke travay la oswa travay ak tèt yo a, ke yo pa ka fè ankò a, se sous prensipal revni yo;
- Pa kalifye pou benefis chomaj regilye nan okenn eta;
- Pa ka fè travay yo oswa travay ak tèt yo poutèt yon frakti/blesi kòm yon rezilta dirèk dezas la; oswa
- Te devni tèt fanmi lan oswa soutyen prensipal yon fanmi paske moun ki te tèt fanmi lan te jwenn lanmò l akoz gwo dezas la.