Eske Ou Gen Kesyon?
Tanpri vizite paj Kesyon yo poze souvan yo. Ou kapab jwenn repons kesyon ou yo pi vit oswa jwenn tout enfòmasyon ou bezwen yo sou sit entènèt la.
Kontakte Nou Pa Imel
Soumèt kesyon ak kòmantè ou yo nan Asistans Reyanbochaj Imèl Fòm kontak la. Yo pral reponn tout kesyon ou té voye pa imel yo pi vit ke posib.
Kontakte Nou dirèkteman nan 1-833-352-7759
Lè ou konekte ak Sistèm telefòn otomatik nou an li pral bay ou anpil opsyon bagay ou ka fè pou kò ou. Si ou gen bezwen plis asistans, ou ka chwazi pou ou transfere nan liy dirèk Asistans Reyanbochaj la pou ka pale ak yon Reprezantan ki nan Sant Kontak la.
Repons Vokal Enteraktif RA (IVR):
- Jwenn enfòmasyon 24 sous 24, 7 jou sou 7
- Koute mesaj enpòtan sou pwogram yo
- Koute enfòmasyon detaye sou reklamasyon ki enkli; estati peman, detèminasyon ak apèl
- Chanje preferans korespondans, metòd peman ak opsyon dediksyon taks
- Mete-ajou PIN CONNECT
- Sèvis Vityèl Asistans Reyanplwa: Tout sa ki anwo a nan yon fòma vizyèl ki fèt pou
aparèy elektwonik pòtab ou yo. Ou ka jwenn akè a sèvis Vityèl la isit la
Asistans Reyanbochaj liy dirèk la:
- Anplwayé yo la Lendi jiska Vandredi de 7:30 AM jiska 6:30 PM EST ak Samdi 8 AM a 5 PM
- Si ou bezwen enfòmasyon sou ki jan ou ka fè yon aplikasyon pou Asistans Reyanbochaj la
- Si ou bezwen poze kesyon sou ki jan ou ka fè reklamasyon pou peman benefis ou a
- Pou ka jwenn detay enfòmasyon sou kont ou a
- Pou tout lot kesyon ou ka genyen
Notifikasyon proaktif:
Pwogram Asistans Reyanplwa ofri notifikasyon proaktif pou founi w enfòmasyon enpòtan sou reklamasyon w lan.
- Ou ka resevwa dènye enfòmasyon sou reklamasyon RA w la atravè apèl telefonik, tèks (SMS) oswa imèl
- Notifikasyon yo ap enkli; demann pou enfòmasyon, rapèl pou konplete anrejistreman “Workforce”, avi sou pwosesis peman ak detèminasyon ki pran, elatriye
- Anrejistre lè w ap ranpli aplikasyon w lan sou CONNECT oswa lè w chwazi paramèt notifikasyon yo sou paj enfòmasyon Gade ak Menti Kont sou CONNECT
Pou Lòt Jan Ou Ka Kontakte Nou
Pou ka jwenn asistans ajan yo – Ou ka rele nimewo 1-833-352-7759 si ou se yon moun ki gen bezwen asistans pou fè reklamasyon yo sou entènèt akòz de rezon legal, si ou pa konnen travay sou òdinatè, si ou gen pwoblèm ak lang angle a, oswa si ou gen pwoblèm disabilite.
Asistans Reyanbochaj Liy dirèk pou Fwòd – Asistans Reyanbochaj Fwòd se yon krim de twazyèm degre ki ka fè ou pran anpil tan nan prizon. Tanpri rapòte Asistans Reyanbochaj fwòd yo sou entènèt la oswa rapòte yo nan nimewo 1-833-352-7759.
Liy Kontak Pou Anplwaye yo– Pou asistans konsènan kont CONNECT anplwayè yo, pou reponn a demann pou plis enfòmasyon, ak pwoblèm responsabilite, anplwayè yo ka rele nou nan nimewo 1-833-352-7759.
Dapre Lalwa Florid, imèl se dosye piblik. Si ou pa vle pou adrès imèl ou divilge nan repons pou yon demann dosye piblik, pa voye kourye elektwonik bay depatman an. Olye de sa, kontakte depatman an pa telefòn oswa alekri.