Apre ou fin aplike pou benefis, ou bezwen fè demann pou peman benefis chak 2 semèn nan Connect. premye paj la nan Connect ap ba ou dat ki pwograme pou fe rapo semen ou. ou pral itilize lyen “ Demann pou peman benefis” ki sou premye paj la. Lyen sa pa pral paret jiskas ke dat ki pwograme a rive. Pou chak semèn benefis ke ou ap fè demann, ou pral:
- Reponn wi oswa non pou pliziè kesyon ki gen rapò ak abilite ou, disponiblite ak efò pou chèche travay
- Li obligatwa pou bay kontak rechech travay pou chak semen
- Rapòte nenpòt salè, poubwa, oswa komisyon ki soti nan nenpòt travay pou semen ou pral fè demann lan
Li trè enpòtan ke ou fè demann benefis ou alè pandan nenpòt revizyon estanda. Se responsablite ou pou fè demann peman benefis ou pandan oswa nan 7 jou apati de dat ki pwograme pou ou a. Si ou pa fè demann peman yo alè, sa pral lakòz ou pedi peman pou semèn sa (yo).
Nan CONNECT ou ka fè bagay sa yo:
- Mizajou kont ak kontak enfòmasyon (ki gen ladan tou metòd peman)
- Revize monetè, sipò pou timoun, ak pwoblèm rezime
- Gade benefis ak peman istwa yo
- Aksè Bwat Resepsyon ou nan CONNECT pou wè korespondans dosye yo
Ou ka egzante pou fè demann benefis sou entènèt. Tanpri revize Avi sou Ekzanpsyon pou plis enfòmasyon.