ASISTANS CHOMAJ POU DEZAS (DUA)



DUA disponib pou biznis ak rezidan Florid ki te pèdi travay oswa travay avèk tèt yo te entèwonp akoz konsekans dirèk siklòn Idalia la.

Yo anile tanporèman tout egzijans pou rapòte rechèch travay, semèn datant, ak anrejistreman avèk Employ Florida pou tout reklamasyon pou Asistans Reyanplwa ki depoze apati 09/03/2023 jiska 10/21/2023 pou Floridyen ki afekte nan siklòn Idalia kap viv nan komin ke FEMA te deklare ki afekte nan dezas la.

Moun ki afekte nan komin ki elijib pou DUA sa yo dwe ranpli aplikasyon yo anvan 3 oktòb 2023:

Citrus Columbia
Dixie
Gilchrist
Hamilton
Hernando
Jefferson
Lafayette Levy Madison Pasco Suwannee Taylor


Moun ki afekte nan komin ki elijib pou DUA sa yo dwe ranpli aplikasyon yo anvan 5 oktòb 2023:

Pinellas


Moun ki afekte nan komin ki elijib pou DUA sa yo dwe ranpli aplikasyon yo anvan 11 oktòb 2023:

Manatee Sarasota


Yo pral konsidere aplikasyon ki depoze apre dat limit la an reta, epi yo ka refize moun nan benefis DUA sof si li bay yon rezon valab.

DUA disponib pou semèn chomaj apati 09/03/2023 jiska 03/02/2024, osi lontan ke moun nan kontinye pa travay akoz konsekans dirèk siklòn Idalia la. DUA disponib sèlman pou moun ki pap travay akoz konsekans dirèk siklòn Idalia la. Si yon reklaman ap aktyelman resevwa Asistans Reyanplwa eta a, li pap kalifye pou DUA.

Reprezantan Sèvis Kliyan DUA yo disponib lendi jiska vandredi ant 8:00 a.m. jiska 6:30 p.m. lè ès.  Aktyèlman, Reconnect disponib lendi a vandredi soti 8:00 a.m. - 10:00 p.m. ak samdi soti 8:00 a.m. – 10:00 p.m., ak Dimanch soti 8:00 a.m. rive 2:00 p.m.





Place holder content.

Konsenan DUA:

Asistans Chomaj pou Dezas se yon pwogram benefis gouvènman federal finanse pou ede moun ki pap travay akòz yon dezas. Pwogram sa a mache konsa:

  • Gouvènè a dwe fè demann pou asistans
  • Prezidan peyi Etazini an apwouve demann pou asistans lan.
  • Yon akò siyen dwe anvigè anvan pou yo fe nenpòt aksyon.
  • Apre yo fin deklare yon dezas, ajans sekirite pou travay leta a dwe fè yon anons ofisyèl konsènan lajan ki disponib pou Asistans Chomaj pou Dezas.
  • Tout moun ki kalifye gen 30 jou apati dat anons la pou yo depoze yon reklamasyon pou Asistans Chomaj pou Dezas. Si dat separasyon an pi ta ke dat anons lan, lwa eta a ap aplikab.
  • Peryòd Dezas la se yon peryòd ki gen 26 semèn apatide premye semèn ki apre dat gwo dezas la te kòmanse, epi li fini nan 26yèm semèn apre dat yo te deklare gwo dezas la.
  • Tou depan de dat deklarasyon an, li posib pou moun yo resevwa plis pase 26 semèn benefis.
  • Yon moun dwe fin epwize tout benefis reyanplwa lap resevwa yo anvan l kalifye pou Asistans Chomaj pou Dezas. Yon reklaman ki pa kalifye pou resevwa benefis reyanplwa regilye ka gen dwa pou resevwa Asistans Chomaj pou Dezas.
  • Yap kalkile Benefis Asistans Chomaj pou Dezas la avèk yon peryòd de baz pou ane fiskal ki pi resan ki te fini anvan konsekans irèk dezas ki te fè moun nan pap travay la.
  • Pou tout semèn kote salè reklaman an depase kantite lajan benefis chak semèn yo kalkile a, moun nan pap resevwa okenn peman pou semèn nan.
  • Si moun nan te resevwa lèt detèminasyon monetè a epi li gen plis enfòmasyon sou salè li (pa egzanp, bilten peman, relve 1099, oswa dosye kont labank) ke yo kwè ki ka chanje detèminasyon an, yo ka ranpli yon nouvo detèminasyon nan Sant Èd RA a.
  • Enfòmasyon pou Apèl/Konstestasyon:
    • Reklaman an ap gen 60 jou pou l depoze yon apèl/kontestasyon kont yon detèminasyon oswa yon redetèminasyon.
    • Tout kontestasyon nan Asistans Chomaj pou Dezas pral deside nan 30 jou apre dat yo te resevwa kontestasyon an.
    • Reklaman an ap gen 15 jou pou l prezante devan Administratè Rejyonal la kontestasyon kont desizyon abit la..
    • Administratè Rejyonal la ap gen 45 jou pou l travay sou dosye yo epi pou l rann yon desizyon.
    • Administratè Rejyonal la dwe rann desizyon an nan lespas 90 jou apre jou ajans leta a te resevwa desizyon orijinèl reklaman an..
  • Etranje yo ka resevwa benefis Asistans Chomaj pou Dezas si yo satisfè kritè "kapab ak disponib" daprè lwa eta a, Etranje yo dwe "kapab ak disponib" pou travay epi Sèvis Imigrasyon ak Natiralizasyon dwe otorize yo pou travay nan peyi Etazini.

Asistans Chomaj pou Dezas disponib pou moun ki:

  • Tap travay oswa tap travay avèk tèt yo oswa te pwograme pou kòmanse travay oswa te pwograme pou kòmanse travay avèk tèt yo;
  • Pa kapab travay oswa rann sèvis akòz domaj fizik yo resevwa akoz destriksyon andwa travay la ki se konsekans dirèk dezas;
  • Kapab pwouve ke travay oswa travay avèk tèt yo ke yo pa ka fè ankò a te sous prensipal revni yo; 
  • Pa kalifye pou benefis chomaj regilye nan nenpòt lòt eta;
  • Pa ka travay oswa travay avèk tèt yo akoz yon chòk yo te sibi ki se konsekans dirèk dezas la; oswa
  • Te devni soutyen prensipal oswa devni gwo sipòtè kay la paske moun ki te soutyen prensipal fanmi lan mouri nan gwo dezas la.

Kisa w bezwen pou aplike:

Ou dwe founi enfòmasyon sa yo pou w ka ranpli aplikasyon w lan:

  • Nimewo Sekirite Sosyal.
  • Nimewo anrejistreman etranje w la ak dat ekspirasyon li (si sa aplikab).
  • Non ak adrès dènye anplwayè w la.
  • Si w te travay nan yon lòt eta pandan de ane ki sot pase yo, bay non ak adrès patwon ki andeyò eta a.
  • Si w ap travay avèk tèt ou epi w gen prèv ke w tap travay avèk tèt ou pou de ane ki sot pase yo. (Pa egzanp, deklarasyon 1099, deklarasyon taks leta oswa federal, dosye kont labank, deklarasyon yon bank ki montre kont biznis lan, oswa yon kopi tit oswa papye kay yon pwopriyete biznis.)
  • Si w te pwograme pou w travay men ou pat kapab travay akòz dezas la, ou dwe bay non ak adrès patwon an ak dat ou te pwograme pou w travay.

Pou resevwa benefis DUA, yo dwe soumèt tout dokiman ki nesesè yo nan 21 jou apati dat ou te depoze aplikasyon DUA a.

Bay prèv ou tap travay:

POU MOUN KI PAT KALIFYE POU BENEFIS REGILYE RA OSWA MOUN KI FIN EPWIZE BENEFIS REGILYE YO epi ki te vin ranpli yon aplikasyon DUA:

Si w te aplike pou Asistans Chomaj pou Dezas, wap bezwen bay prèv pou montre ke w tap travay anvan evènman ki kalifye pou DUA a. Yo rele sa "prèv ou tap travay". Nou rekòmande pou w gen dokiman w yo disponib paske Depatman an pral kontakte w pou bay prèv pou montre ke w tap travay.

Dokiman pou bay kòm prèv ki montre w tap travay enkli:

  • Deklarasyon taks leta oswa federal
  • Deklarasyon Finansye oswa resi chèk
  • Relve Bankè oswa kont labank oswa Fòmilè 1099
  • Bil telefòn, sèvis itilite piblik oswa asirans
  • Deklarasyon Taks sou Lavant
  • Lisans komèsyal oswa lisans pwofesyonèl aktyèl
  • Nimewo Idantifikasyon Federal oswa Eta Anplwayè a
  • Tit pwopriyete, papye kay, oswa kontra lwaye pou andwa kote biznis ou an ye a
  • Dènye jounal, anyè telefòn, oswa anons sou entènèt pou biznis yo a
  • Relve resan ki soti nan men kliyan, avi bòdwo, fakti, biznis oswa dosye lavant

Pou MOUN KI GEN YON DETÈMINASYON MONETÈ kap bay enfòmasyon sou salè ki manke pou yon REKLAMASYON/APLIKASYON DUA:


Depi w fin aplike pou Asistans Chomaj pou Dezas, wap resevwa yon lèt Detèminasyon Monetè nan bwat Reconnect ou a. Epitou yap poste yon kopi ba ou si w chwazi lapòs kòm metòd kominikasyon prensipal ou prefere. Si w kwè kantite benefis ki nan lis la pa kòrèk paske gen enfòmasyon sou salè w ki pa la, wap bezwen soumèt yon demann pou Rekonsiderasyon Monetè, gade etap ki anba a, pou w revize enfòmasyon w yo ankò. W ap bezwen tou pou bay prèv salè ou te touche pandan w tap travay anvan evènman ki kalifye pou DUA a. Yo rele sa "prèv sou salè".

Dokiman pou bay kòm prèv sou salè yo se:

  • W2 (pou ane ak trimès ki nan peryòd debaz reklamasyon an)
  • Bilten peyman (dwe montre taks federal aavèk ane ak trimès ki nan peryòd debaz reklamasyon an)
  • 1099 (nan ane ak trimès ki nan peryòd debaz reklamasyon an)

Pou fè demann pou yon Rekonsiderasyon Monetè epi soumèt prèv sou salè w, ale nan Sant Èd RA a epi swiv etap sa yo:

  1. Chwazi "Mwen se yon Reklaman"
  2. Chwazi "Detèminasyon Monetè"
  3. Chwazi "Mwen ta renmen konteste detèminasyon monetè mwen an"
  4. Chwazi "Swivan" pou w ka ale nan Pòtay RA a
  5. Konekte avèk menm enfòmasyon idantifikasyon ou itilize pou w konekte sou kont Asistans Reyanplwa w la
  6. Klike sou "Mwen ta renmen konteste detèminasyon monetè mwen a" sou paj dakèy Pòtay RA a

 

An equal opportunity employer/program.  Auxiliary aids and services are available upon request to individuals with disabilities.
All voice telephone numbers on this website may be reached by persons using TTY/TDD equipment via the Florida Relay Service at 711.
You have selected a link to a website that is outside of the floridajobs.org domain. Control of the content of this website belongs to the website's owner and not to Florida Commerce.
OK
 
Cancel