MODIFIKASYON AK ENFÒMASYON EMPÒTAN
Jounen Memoryal
- Paske labank ap fèmen pou Jounen Memoryal la, peman benefis yo ka retade pou 2 a 3 jou ouvrab.
Asistans Chomaj pou Dezas (DUA) - Inondasyon Broward la
- Asistans Chomaj pou Dezas, ke yo otreman rele DUA disponib kounye a. Pou plis enfòmasyon, tanpri ale sou paj enfòmasyon DUA a.
Sant Èd Asistans Reyanplwa
- DEO te kreye Sant Èd Asistans Reyanplwa a—yon pòtay sou entènèt ki la pou reklaman yo ak patwon yo. Pòtay oto-asistans sa a kontinye ap mete ajou avek fonksyonalite siplimantè ki enkli; rapòtaj fwod oswa vòl idantite, telechaje dokiman, konteste detèminasyon monetè ak depoze demann pou apèl. Sant Èd la ofri resous tankou gid etap-pa-etap, kesyon ki poze pi souvan yo, ak videyo enfòmasyon. Sant Èd la disponib 24 sou 24.
Peman Anplis
- Si se pat fòt ou ki fè te resevwa peman anplis pou benefis Asistans Reyanplwa a ant premye Màs 2020 jiska 4 Septanm 2021, eta Florida pap voye ka peman anplis sa yo bay pyès ajans koleksyon pou asire ke reklaman yo pa gen pwoblèm ak kredi yo. Epi tou, eta Florida pap pran pyès aksyon kont moun ki te resevwa peman anplis Asistans Reyanplwa yo ki pat fè nan magouy
- Anplis, eta Florida mete sou pye yon gid pou reklaman ki elijib yo ka konplete fòmilè pou demann eliminasyon peman anplis ki soti nan gouvènman federal yo. Pou plis enfòmasyon, ale sou sit entènèt FloridaJobs.org/Overpayments.
- DEO ankouraje tout reklaman pou yo kontwole and tcheke kont Asistans Reyanplwa yo pou yo ka okouran de modifikasyon sou kisa yo oblije fè nan kont Asistans Reyanplwa yo.
|
Enfòmasyon pou Reklaman
Asistans Benefis Reyanplwa, ki te rele Konpansasyon pou Chomaj; ou ka itilize CONNECT pou ranpli l sou entènèt.
Apre w fin aplike pou benefis, ou bezwen fè demann pou peman benefis nan CONNECT chak de (2) semen.
Pou reklame semèn ou yo, klike isit la pou konekte nan sistèm CONNECT la epi pou asire ke w swiv etap ki enkli nan gid etap-pa-etap la, klike isit la.
Yo pral revize reklamasyon w lan pou zafè potansyèl tankou separasyon ak travay ou, disponiblite w, oswa kapasite pou travay; sa rele pwosesis pou desizyon.
Si gen yon desizyon ki pran pou refize peman benefis yo, ou ka mande pou yon odyans administratif ke yon abit apèl ap prezide.
Benefis yo se revni ki taksab. Ou ka chwazi pou yo kenbe 10% sou revni chak semen yo pou kouvri taks ou sipoze peye bay IRS.
Fwod nan Asistans Reyanplwa se tout fo deklarasyon oswa lè w pa vle pataje yon fè reyèl, ki fèt entansyonèlman pou w ka jwenn oswa anpeche peman benefis ki kontrè ak dispozisyon ki nan lalwa.
Peman anplis ki pa refere bay yon ajans koleksyon kapab repeye bay depatman an swa pa chèk/(manda postal=money order) oswa kat kredi. Peman anplis ki pa gen fwod kakap akoz yon oubli, malantandi, erè teknik, re-detèminasyon, jijman, desizyon apèl, òdonans RAAC, desizyon tribinal oswa lòt sikonstans atenyan.
Yon koleksyon kesyon ki poze pi souvan pou ede ak gide w atravè pwogram Asistans Reyanplwa a.
Paj sa genyen videyo enfòmatif ki te kreye pou reponn kesyon kouran yo epi pou kouvri enfòmasyon sou pwosedi ki nan tout domèn pwogram Asistans Reyanplwa a.
RESOUS
Li pa nesesè pou itilize zanmi oswa manm fanmi pou sèvis entèprèt. DEO bay asistans a moun ki pa pale anglè kòm lang prensipal yo e moun ki gen kapasite limite pou li, pale, ekri oswa konprann anglè. Nou bay asistans tou a moun ki gen lòt rezon ki fè yo pa kapab depoze yon reklamasyon. Pou pale ak yon ajan ki pale Kreyòl oubyen Panyòl oubyen pou itilize sèvis tradiksyon an, rele Sant kontak la nan: 1-833-FL-APPLY (1-833-352-7759). Lendi jiska Vandredi de 7:30 AM jiska 6:30 PM EST.
Moun ki bezwen asistans pou depoze yon reklamasyon sou entènèt poutèt rezon legal, pa pa gen konesans òdinatè, baryè lang oubyen andikap kapab rele: 1-833-352-7759.