Ki moun ki ka anrejistre avèk Biwo pou Dwa Sivil Depatman Opòtinite Ekonomik la (Department of Economic Opportunity's Office for Civil Rights)?
Nenpòt moun ki panse yo viktim diskriminasyon ilegal akòz:
- yon règleman, yon pwogram, yon aktivite oswa yon anplwaye nan depatman nou an
- yon benefisyè (kontraktè oswa founisè sèvis) ki resevwa asistans finansye federal atravè depatman nou an.
Pa egzanp, pami moun sa yo, ka gen kliyan ki nan Sant One-Stop nou yo, tankou:
- Moun kap chèche travay yo
- Moun kap aplike pou benefis chomaj
- Moun kap aplike pou pwogram fòmasyon travay
- Moun kap patisipe nan pwogram fòmasyon travay
- Moun kap aplike pou travay nan depatman nou an
- Anplwaye ki nan depatman nou an
Rezon valab pou anrejistre plent poutèt diskriminasyon
Diskriminasyon1 poutèt kèlkeswa rezon ki make pi ba yo, entèdi kategorikman nan pwogram Depatman yo:
- Ras
- Koulè po
- Andikap
- Relijyon
- Sèks
- Orijin natifnatal
- Laj
- Eta sivil
- Afilyasyon politik oswa kwayans 2
- Patisipasyon nan nenpòt pwogram WIA Tit I ki resevwa asistans finansye oswa nan nenpòt aktivite 3
- Sitwayènte oswa estati antanke yon imigran legal ki gen otorizasyon pou travay Ozetazini 3
1 Chapit 760.10 nan Lwa Florida
2 Afilyasyon politik oswa kwayans aplikab pou pwogram WIA yo sèlman.
3 Sitwayènte/estati antanke imigran ak patisipasyon nan pwogram aplikab a benefisyè pwogram WIA yo sèlman.
Èske jiskaprezan ou pa fin si ki kote pou anrejistre, oswa kisa delè pou anrejistre a ye?
Tanpri Kontakte nou.