UNEMPLOYMENT COMPENSATION APPEALS
Rezime sou Demann Dapèl nan sitiyasyon Chomaj
Pwogram konpansasyon pou chomaj la ofri benefis tanporè bay travayè ki kalifye e ki pap travay akozde sikonstans ke yo pa kontwole. Lè yon moun anrejistre yon reklamasyon pou konpansasyon pou chomaj, yo envestige kèlkeswa pwoblèm yo defason pou detèmine si yo satisfè tout kondisyon peman yo e, si kondisyon sa yo satisfè vre, yo envestige pou detèmine si peman sa yo pral afekte yon ansyen konpayi kote moun nan travay la. Yap voye pa lapòs bay tout pati yo, yon desizyon, ansanm ak dwa pou fè demann dapèl la ak enstriksyon yo. Konpayi kote moun nan tap travay la oswa moun kap fè demann nan ka fè yon demann dapèl pou yon desizyon defavorab.
Yo revwa tout demann dapèl yo pou verifye si se yon moun ki gen dwa pou l fè demann nan ki te aplike pou li. Apresa, yo deziyen yon nimewo danrejistreman. Yo fè yon randevou pou yon odyans. Yo fè chak moun ki temwaye prete sèman (oswa pou li fè yon afimasyon) pou l di laverite. Yo anrejistre odyans la sou aparèy elektwonik. Yo voye yon desizyon alekri pa lapòs bay tout pati ki konsène yo. Yon pati ki pa satisfè ak rezilta a kapab mande pou Komisyon Dapèl sou Chomaj la (Unemployment Appeals Commission: UAC) revwa ka a. Lè UAC a fin revwa dosye ka a, ansanm ak anrejistreman elektwonik la, li pral emèt yon Lòd ki afime, ranvèse, oswa modifye desizyon ofisye dapèl la te pran an, oswa li va retounen ka a nan Biwo Dapèl la (Office of Appeals) pou yo konsidere yon lòt detèminasyon si te gen yon erè majè ki te fèt.
Livrè sa-a esplike pwosedi pou pwosè sou zafè dedomajman pou chomaj epi kouman pou prepare pou pwosè-a. Si w gen lòt kesyon toujou apre w fin li livrè sa-a, kontakte grefye a nan nimewo telefòn ki make sou Avi Pwosè-a oswa tcheke sit entènèt nou an nan www.fluidnow.com. Si w se yon demandè e ou pap travay toujou, kontinye reklame semenn yo jan yo te planifye yo pandan gen yon pwosedi apèl ki an sispan. Si w resevwa yon desizyon favorab, yo va peye benefis pou semenn ki te reklame kòrèkteman yo sèlman.
Rive alè nan pwosè-a. Si w resevwa yon Avi pou Pwosè pa Telefòn oswa ou gen yon randevou pou patisipe pa telefòn, li Seksyon 16 ak atansyon, paske gen enstriksyon espesyal pou pwosè ki fèt pa telefòn yo. Tcheke si nimewo telefòn ou se bon nimewo ki sou Avi pou Pwosè pa Telefòn nan epi kontakte grefye a si se pou yo rele w nan yon lòt nimewo telefòn oswa si w pa resevwa yon apèl nan dis minit apre lè yo te planifye pou pwosè a fèt.
Si ou pa pale oswa li Angle byen, mande pou yo tradwi enfòmasyon enpòtan sa a touswit.
1. POUKISA ÈSKE PWOSÈ SA A ENPÒTAN?
Desizyon yo pral pran nan pwosè sa a pral ranplase desizyon yo te pran nan pwosedi dapèl la. Selon lalwa, gen yon sèl nivo pwosè. Pou sa pwoteje dwa w yo, ou fèt pou patisipe menmsi lòt moun nan fè yon demann dapèl. Si w paka vini nan lè randevou a, swiv enstriksyon ki nan Seksyon 9 la imedyatman, pou sa mande pou yon lòt dat randevou. Si non, yo ka vin pran yon desizyon ki pap an favè w. Yon demandè ki pa resevwa yon desizyon favorab ap gen pou repeye benefis ki pat sipoze peye yo. Yon anplwayè ki resevwa yon desizyon ki pa favorab ka gen pou peye pou benefis yo.
Chak moun ki ann afè sipoze byen prepare-yo pou prezante bon prèv sou tout pwen ki sou Avi Pwosè a Yo pral baze desizyon an selon prèv ki prezante nan pwosè a sèlman. Gen yon dezyèm nivo dapèl ki egziste, men nan nivo sa a se yon revizyon yo fè sèlman sou dosye ki egziste a, pa gen pwosè ki fèt nan nivo sa a.
2. POUKISA ÈSKE YO TE PRAN YON DAT POU PWOSÈ-A?
Rezon ki fè yo pran yon dat pou pwosè-a se paske yo te fè yon demann dapèl sou desizyon yon Ajans te pran. Li enpòtan pou ale nan pwosè a, menmsi se lòt pati a ki te fè demann dapèl la.
3. ÈSKE YON PWOSÈ AP FÈT MENMSI MWEN PA PREZAN?
Wi, depi pati ki fè demann nan la. Yo pral pran desizyon an selon prèv ki prezante a. Si w pa la, yo pap konsidere prèv pa w yo. Si se oumenm ki fè demann dapèl la e ou pa prezan, yo pral rejte ka-a.4. KI DWA MWEN GENYEN PANDAN PWOSÈ-A?
Antanke yon pati, ou genyen dwa:
A. Pou temwaye pou pwòp tèt pa w;
B. Pou prezante dokiman yo ak lòt prèv;
C. Pou fè temwen esansyèl temwaye;
D. Pou poze pati ki kont ak temwen yo keksyon;
E. Pou eksplike oswa kontredi prèv;
F. Pou fè yon deklarasyon a la fen de pwosè-a;
G. Pou egzamine epi pou rejte nenpòt dokiman ki vin aksepte kòm prèv.
5. KOUMAN ÈSKE MWEN KA PLANIFYE POU ASISTANS TEMWEN YO?
Kontakte lè fini mande temwen-an pou li vini e pou l temwaye. Pi bon temwen-an se youn ki gen konesans pèsonèl nan tout sa ou vle etabli egzakteman kòm verite-a. Yon temwen ki te la lè evènman-an te pase se yon temwen ki pi bon pase yon moun ki te tande sak te pase nan bouch yon lòt moun. Si yon temwen ta refize parèt volontèman, ou kapab mande yon lòd pou temwen sa-a parèt nan tribinal. Ekri yon lèt epi voye l nan adrès ki sou Avi Pwosè a pou sa fè demann pou egzekite lòd sa-a. Voye lèt sa-a pa lapòs oswa pa faks leplito posib defason pou temwen-an gen tan devan l pou sa pare pou pwosè-a. Yon demann pou lòd sa-a fèt pou genyen tout enfòmasyon sa-a andedan:
A. Nimewo dosye-a pou apèl la;
B. Non ak adrès an plen pou temwen an pou ki lòd sa va fèt;
C. Lè ak kote pou temwen-an prezante;
D. Yon deskripsyon an detay pou dokiman-an (yo) temwen ou gen dwa pote.
6. KOUMAN ÈSKE MWEN KA PWOUVE MWEN TE DISPONIB POU TRAVAY?
Si keksyon kap debat la baze sou si w te kapab e si w te disponib pou travay, lè wap vin nan pwosè-a, pote yon fotokopi fèy ki gen enfòmasyon sou kontak ou fè pandan w tap chache travay la. Mete nan fèy sa-a dat ak metòd chak kontak travay,epitou mete non ak adrès anplwayè w kontakte yo.
7. KOUMAN ÈSKE MWEN KA PWOUVE MWEN TE FÈ DEMANN DAPÈL MWEN AN ATAN?
Si w pat soumèt demann dapèl la nan tan limit lalwa egzije a, egzaminè a va konsidere dabò prèv ki baze sou tan ou te pran pou fè demann dapèl la. Si tan ou te pran pou soumèt demann dapèl la se yon pwoblèm li ye, moun ki te soumèt demann dapèl la ap yon temwen enpòtan. Yo va rejte ka a poutèt pat gen prèv valab sou lè demann nan te anrejistre.
8. E SI MWEN CHANJE LIDE E MWEN DESIDE PA FÈ DEMANN DAPÈL LA ANKÒ?
Demandè-a kapab retire demann dapèl-la si li ekri yon lèt oswa si li voye yon faks nan Biwo Apèl-la; adrès ak nimewo faks-la ekri sou Avi Pwosè-a oswa nan adrès sa-a: Office of Appeals; MSC 347; 107 E Madison Street; Tallahassee, Florida 32399-4143. Nimewo Sekirite Sosyal reklamè-a ak nimewo dosye apèl-la dwe parèt sou tout korespondans. Nan pifò nan majorite sitiyasyon-yo, si w deside pou fèmen yon demann dapèl, ou paka fè ouvri l ankò.
9. E SI MWEN PA KAPAB ALE NAN PWOSÈ-A?
Ou ka mande pou yon ranvwa si gen yon rezon valab ki fè ou pa kapab patisipe nan pwosè yo te planifye a. Ou ka voye yon lèt pou mande ranvwa a swa anvan pwosè-a oswa pandan pwosè-a. Mete rezon ki fè ou pa kapab patisipe epitou endike ki efò ou fè pou te ranje orè w defason pou te ka patisipe. Egzaminè-a va konsidere chak demann epi li va fè w konnen nan yon lèt si yo te aksepte demann-nan. Si w pa resevwa yon repons, met nan tèt ou yo pat aksepte demann-nan. Lè w ale nan pwosè-a asire w ou pare pou prezante ka- w-la.
Si w pat patisipe nan pwosè-a pou yon rezon valab, ou ka mande pou yo relouvri dosye-a sou ven jou apre pwosè-a oswa apre dat yo te voye desizyon an pa lapòs. Enstriksyon sou kouman pou anrejistre yon demann enkli nan desizyon-an. Nenpòt demann pou yon lòt pwosè fèt pou anrejistre sou Entènèt nan www.fluidnow.com/appeals, pa yon lèt ki pou ale pa lapòs oswa pa faks nan Biwo Apèl-la; adrès oswa nimewo faks la sou Avi Pwosè a oswa sou Desizyon-an. Nimewo Sekirite Sosyal reklamè-a oswa nimewo dosye apèl-la ak rezon ki fè ou pat patisipe a, fèt pou yo ekri nan lèt-la.
Yo pap aksepte demann pa telefòn oswa pa imèl. Se sèl rezon ki ijan ak nesesè ki konsidere kòm bon rezon valab pou yon moun pa patisipe nan yon pwosè, enkonvenyans pa konsidere kòm yon rezon valab. Si yo aksepte apwouve yon demann pou yon lòt pwosè, ou fèt pou prezante prèv pou rezon valab la nan nouvo pwosè-a epitou, si li apwopriye, ou fèt pou montre gen rezon enpòtan ki fè wap mande yon ranvwa. Si w pa moutre yon rezon valab pou fè yo relouvri ka-a, yo va reaplike desizyon ki te pran anvan an.10. KI KALITE PRÈV POU MWEN POTE?
Pi bon prèv se temwayaj yon moun ki te la lè evènman-an te pase e moun sa-a ka reponn kesyon byen presi sou sak te pase a. Leplisouvan, demandè-yo konn gen konesans aktyèl sou kesyon kap debat yo. Anplwayè-yo fèt pou yo chwazi temwen yo ak atansyon pou yo asire yo ke yo prezante prèv ki konpetan. Enfòmasyon yon lòt moun bay (“Sa yo di”) ka sèvi pou sipòte lòt prèv, men li pap ase poukont li.
Egzaminè-a ap konsidere tout dokiman ki ekri nan dosye reklamasyon-an, avèk tout lòt dokiman ki ta vin prezante avan pwosè-a oubyen pandan pwosè-a. Ou gen dwa pòte orijinal la avèk de (2) kopi de tout dokiman ki ede kòz ou, pa egzanp: lèt yo, fich medikal yo, fich salè yo, ak kontra travay yo. (Ale nan Atik 16 pou enstriksyon sou Pwosè pa telefòn). Sonje ke pifò dokiman yo ak deklarasyon sou sèman yo se enfòmasyon yon lòt moun bay e yo pap kont pou pwouve sak te pase. Si wap soumèt dokiman, se pou vin ak yon moun ki te wè sak te pase a tou. Yon anplwayè ki gen lentansyon pou bay nenpòt dokiman biznis kòm prèv dwe mennen yon moun nan pwosè-a ki kapab temwaye ki jan dokiman sa-a yo te vin fèt epi ki leve lamen ke dokiman sa-a yo tout bon. Amwenske yo kalifye kòm eksepsyon nan règ enfòmasyon yon lòt moun bay la, yon prèv konsa pa ka sèvi kòm sèl baz pou sipòte yon reyalite. Aprè apèl la vin fèmen, yo pap aksèpte oswa konsidere okenn lòt dokiman 11.
KIJAN ÈSKE MWEN KA JWENN YON KOPI DOKIMAN DOSYE YO?
Dokiman dosye yo va disponib pou revizyon pandan pwosè-a. Yon pati ki ta renmen enspekte oswa jwenn kopi dokiman dosye yo anvan pwosè-a ka fè sa nan adrès ki sou Avi Pwosè-a oswa li ka telefonen Grefye a pou mande l pou kopi yo. (Yo voye kopi yo otomatiman pa lapòs bay pati yo pou pwosè ki fèt pa telefòn yo). Fè demann-lan leplito posib konsa w va gen ase tan pou resevwa yo anvan pwosè-a. Lalwa nan Eta Florid defann Ajans-nan pou ta chaje reklamè-a lajan pou fè fotokopi dokiman yo. Frè yap chaje lòt moun pap plis pase pri Ajans lan chaje pou fotokopi.
12.
ÈSKE SE POU MWEN TA ANPLWAYE YON AVOKA?
Li pa vrèman nesesè pou genyen yon moun ki pwofesyonèl pou reprezante ou nan pwosè. Pifò nan moun yo reprezante pwòp tèt-yo nan pwosè sou chomaj. Egzaminè apèl-la responsab pou l dirije yon pwosè ki san pati pri, pou l entewoje temwen yo, epi pou l pwotekte dwa fondamantal chak pati. Ou gen yon dwa legal si ou vle pou genyen avèk ou yon moun ki akonpaye ou, reprezante ou, ou sinon yon avoka pou ki ba ou konsèy, ou sinon otorize pou reprezante ou nan jijman, men ou sipoze peye moun sa avèk lajan nan pòch ou. Se egzaminè apèl-la ki pou otorize frè pou reprezante yon demandè, men se demandè a ki pou peye frè sa-yo. Si ou pòv oubyen endijan, nou gen moun ki kapab reprezante ou legalman san ou pap peye anyen, se moun legal aid yo, ou sinon biwo legal sèvis ap ba ou sèvis sa yo si yo valab. Pou enfòmasyon sou anbochman yon avoka, kontakte Asosyasyon Bawo nan Florid (Florida Bar Association) nan nimewo gratis la ki se 1-800-342-8011. Si w anboche yon avoka oswa si w bay yon moun otorizasyon pou l reprezante w, bay non, adrès, ak nimewo telefòn alekri nan Biwo Apèl-la.
13. E SI MWEN BEZWEN YON ENTÈPRÈT?
Pwosè-yo ap an Anglè. Yap fè aranjman pou gen sèvis entèprèt pou demandè ki endike ke lang matènèl yo pa angle lè yap anrejistre pou benefis yo. Si gen nesesite pou yon entèprèt prezan e yo pa avize gen aranjman ki fèt pou sa nan Avi Pwosè-a, mande pou kontakte grefye a touswit pou l avize pou ki lang yo bezwen yon entèprèt. Nimewo telefòn moun yo ki ap travay nan biwo Apèl-la ekri nan Avi Pwosè-a.
14. KILÈS POU MWEN TA KONTAKTE POU ENFÒMASYON?
Wap jwenn adrès, nimewo telefòn, ak nimewo faks Biwo Apèl kote yo pral jije ka w la nan Avi Pwosè-a, ansanm ak non grefye ke yo sipoze kontakte pou bay oswa resevwa enfòmasyon. Si w bezwen yon lis konplè pou Biwo Apèl-yo, ale nan dènye seksyon ti livrè sa-a. Mete nimewo dosye-a oswa nimewo sekirite sosyal demandè a sou tout korespondans yo.
15. KISA PWOSEDI POU PWOSÈ-YO YE?
Jij Apèl-a, ki gen sèl reskonsabilite nan men li pou dirije pwosè-a, dwe fè bagay sa-a yo:
A. Lap eksplike tout bagay ki genyen pou diskite, nan pwosè-a, lòd temwayaj yo, ak lòt pwosedi-yo;
B. Lap fè moun konnen tout sa ki andan dosye benefis-la;
C. Lap fè tout temwen prete sèman e lap poze chak pati e chak temwen keksyon pou-l kapab jwenn tout sa ki pase vre ki nesesè;
D. Lap entewoje tout pati yo ak temwen yo pou l ka jwenn verite a;
E. Lap ede pati yo pandan yap entewoje temwen yo; epi
F. Lap detèmine sou tèt li oswa dapre demunn de yon pati si tout temwayaj ak dokiman yo ki prezante dwe vin rezevwa osinon konsidere;
G. Lap ap anrejistre pwose-a nèt sou òdyokasèt.
16. KI DIFERANS KI GENYEN AK PWOSÈ KI FÈT PA TELEFÒN?
Preparasyon swivan yo nesesè si w resevwa yon Avi Pwosè kap fèt pa Telefòn:
(A) Nimewo telefòn - Gade pou wè si nimewo telefòn ou byen ekri sou avi-a. Si li pa bon, oswa si li pa la, oswa si ouap nan yon lòt nimewo, fòk ou founi yon bon nimewo telefòn kote ou va bay asistan grefye avan pwose-a. Si ou pa fè sa, ou kapab jwenn yon desizyon ki pa bon pou ou, men li ka bon pou moun ki kont ou (lòt pati). Ou mèt rele asistan grefye-a kolèk, sèlman pou bay enfòmasyon konsenan nimewo telefòn ou.
(B) Telefòn Ekstansyon - Yon telefòn èkstansyon va egzije si yon pati kap patisipe sou telefòn nan ap sèvi avèk yon entèprèt, oswa yon reprezantatif, oswa si gen temwen kap bay temwayaj sou telefòn nan. Si nenpòt pati kap vin rele ta bezwen yon telefòn èkstansyon men li pa genyen youn, pati sa dwe sonnen Jij Apèl-a toutalè pou li kapab fè lòt ranjman. Si sa pa fèt, pwose-a kapab vin ranvwaye.
(C) Anrejistreman – Egzaminè apèl la va kòmanse anrejistre pandan lap fòme nimewo telefòn yo pouj asire l ke l anrejistre tout pwosè-a. Yo pral mande w pou otorizasyon w pou yo sa anrejistre. Pou patisipe nan pwosè-a se pou bay otorizasyon w.
(D) Temwen yo - Si ou ta vle pou yon temwen temwaye, ou gen dwa notifye li e pi fè tout aranjman pou li ansanm avèk-ou pandan pwosè-a. Kontakte grefye a anvan pwosè-a pou otorize lòt aranjman si yon temwen pa kapab prezan kote pwosè-a ap fèt la e si se pou yo kontakte li nan yon lòt nimewo telefòn.
(E) Dokiman yo - Yap poste kopi tout dokiman ki nan dosye yo ke jij Apèl-la genyen nan men li bay tout ki ann afe avek Avi Pwosè kap fèt pa Telefòn. Se pou-ou li dokiman sa yo avèk tout swen epi ou gen dwa genyen yo nan men ou lè yo rele-ou pou pwose-a. Si te soumèt yon dokiman ki pat enkli ladann, voye yon lòt kopi bay ofisye pwosè-a epi nan tout lòt adrès ki parèt sou Avi Pwosè kap fèt pa Telefòn nan. Si ou ta vle pou nou konsidere lòt dokiman yo, voye pa lapòs, voye pa faks oswa fè aranjman pou moun delivre kopi dokiman sa yo nan men Jij Apèl-la avèk tout lòt pati ki liste sou Avi Pwosè-a avan dat fikse pou pwosè-a. Jij-la pap konsidere okenn dokiman ke tout moun ki ann afè oswa reprezantatif yo pat gen okenn chans pou resevwa, amwenske yon moun renonse dwa li yo pou resevwa yo.
(F) Reprezantasyon - Si yon avoka oswa lòt reprezantatif ki otorize va reprezante ou nan pwose-a, fòk ou-menm ak reprezantafif ou rete nan menm plas pou fè pwose-a. Bay grefye a nimewo telefòn nan si se pa menm nimewo ki sou Avi Pwosè-a.
(G) Pèmisyon pou anrejistre. Si w ta renmen anrejistre pwosè-a oumenm, se pou gen otorizasyon nan men jij apèl la ak nan men tout lòt moun kap patisipe yo.
17. KOUMAN MAP FÈ KONNEN DESIZYON AN AP JIS? LAS AUDIENCIAS TELEFÓNICAS:
Lalwa egzije pou jij apèl-la dirije yon pwosè ki jis, epi pou l pran yon desizyon ki baze sou prèv konpetan. Jij apèl-la pa kapab diskite ka a ak yon lòt pati anvan oswa apre pwosè-a.
18. KILÈ ÈSKE MWEN PRAL RESEVWA YON DESIZYON? LA DECISIÓN DEL ÁRBITRO:
Yo pral voye yon desizyon ba w pa lapòs leplivit posib apre pwosè-a. Desizyon an ap gen ladann detèminasyon fè yo, konklizyon lalwa yo, ak rezilta, ki pral afime, ranvèse, oswa modifye detèminasyon an oswa rejte apèl la.
19. E SI MWEN PA DAKÒ AK DESIZYON AN?
Si ou pa dakò avèk desizyon Jij Apèl-a, ou mèt voye kòz ou nan Komisyon Apèl Pèt Travay-a (Unemployment Appeals Commission - UAC). Enstriksyon sou kouman pou fè yon demann pou revizyon ekri sou avi desizyon an. Se pou anrejistre tout demann pou revizyon 20 jou apre desizyon an te ekspedye pa lapòs. UAC a pap fè yon lòt pwosè; Desizyon l lan ap baze sou temwayaj ak lòt prèv jij la te prezante e sou kouman jij la te itilize prèv sa a pou l te pran desizyon l lan. Kidonk, li trè enpòtan pou prezante tout prèv ou pandan pwosè-a. Si w pat ale nan pwosè-a pou yon rezon valab e ou resevwa yon desizyon ki pa favorab, ale nan enstriksyon ki nan Seksyon 9 pou mande pou yon nouvo pwosè.
20. Ki kote èske mwen ka jwenn plis enfòmasyon?
Enfòmasyon sou apèl UC ansanm ak koneksyon pou Lwa UC ak Kòd Règ Administratif yo, ka sou sit entènèt la nan www.fluidnow.com, chwazi Enfòmasyon sou Apèl sou Chomaj oswa ale nan www.fluidnow.com/appeals epi chwazi Resevwa Lòt Enfòmasyon sou UC.
Selon Lwa ki konsène Ameriken ki gen Andikap la (Americans with Disabilities Act) moun ki bezwen akomodasyon espesyal pou patisipe nan yon pwosè ka kontakte grefye a nan nimewo ki make sou Avi Pwosè-a omwen 5 jou anvan pwosè-a oswa rele nan Sèvis Repondè Florid la nan 1-800-955-8770.
Depatman Travay ak Sekirite Anplwa Florid se yon ajans opòtinite egal ki ofri tout moun benefis yo pou patisipe nan tout pwogram li yo, epi pou chache tout kalite anplwa san okenn diskriminasyon poutèt ras, koulè, relijyon, sèks, nasyonalite, laj, anpèchman oswa domaj fizik, oswa lòt bagay ki pa merite anyen lè wap konsidere anplwa.
Men adrès, nimewo telefòn ak nimewo faks Biwo Apèl yo:
Miami Appeals Office
Rohde Building, Room N-314
401 NW Second Avenue
PO BOX 012498
Miami, Florida 33101-2498
Telefòn: 305/377-7045 Faks: 305/377-5328
Ft. Lauderdale Appeals Office![]()
2626 West Oakland Park Boulevard #100
Ft. Lauderdale, Florida 33311-1346
Telefòn: 954/677-5750 Faks: 954/730-2658
Orlando Appeals Office
Rockbridge Building, Suite 104
1000 Woodcock Road
Orlando, Florida 32803-3511
Telefòn: 407/228-6083 Faks: 407/228-6088
Jacksonville Appeals Office
215 Market Street, Suite 240
Jacksonville, Florida 32202-2850
Telefòn: 904/798-4220 Faks: 904/798-4238
Central Appeals Office
Caldwell Building MSC 347
107 East Madison Street
Tallahassee, Florida 32399-4143
Telefòn: 850/921-3511 Faks: 850/921-3925
Tallahassee District Appeals Office
Caldwell Building MSC 347
107 East Madison Street
Tallahassee, Florida 32399-4143
Telefòn: 850/921-3262 Faks: 850/921-3219
Big Bend Appeals Office
Caldwell Building MSC 347
107 East Madison Street
Tallahassee, Florida 32399-4143
Telefòn: 850/921-3595 Faks: 850/921-3594
TCHEKE SOU AVI PWOSÈ-A POU WÈ EKZAKTEMAN KI KOTE LAP FÈT
Papye sa-a se pou enfòmasyon sèlman epi li pa gen tout efè plen de lalwa osinon règ yo.
