KONPANSASYON CHOMAJ ANPLWAYE
KESYON MOUN POZE SOUVAN SOU BENEFIS PWOLONJE
Kisa Benefis Pwolonje vle di?Benefis Pwolonje (EB) an se benefis adisyonèl pou konpansasyon chomaj (UC) ki peyab pou moun ki kalifye yo lè yon “Peryòd Benefis Pwolonje” rive nan Laflorid. EB la peyab sèlman pou semèn chomaj yo pandan yon peryòd EB. Benefis sa yo diferan pase benefis Konpansasyon (Chomaj Dijans Emergency Unemployment Compensation) (EUC) ki deja disponib la. Peryòd EB an, Lejislati Laflorid la te kreye an 2009 sou repons Lwa Rekiperasyon ak Re-Envestisman Ameriken 2009 la, te vin pwolonje retwoaktivman pou reponn sou La Piblik 111-157, Prezidan Obama te siyen le 15 Avril, 2010 la. Le 22 Jwiyè, 2010 gouvènman federal la te vin prolonje period EB nan yon fason retwoaktif lè li te pase Ak Konpasasyon Chomaj 2010 la. .
Kimoun ki kalifye pou resevwa Benefis Pwolonje?
Benefis Pwolonje (EB) an disponib sèlman pou moun ki satisfè kondisyon pou kalifikasyon yo padan yon peryòd EB. Moun sa yo dwe fin itilize konpansasyon regilye yo te gen pou resevwa yo ak benefis EUC yo an avan yo kapab resevwa EB.
Ou ka elijib pou EB si :
- Ou anplwaye konplètman oswa atan pasyèl.
- Fin itilize tout benefis alokasyon regilye yo ak EUC yo an apre 22 Fevriye, 2009 men avan 4 Desanm, 2010; Note: Kleman ki fin itilize benefis regilye yo an pou semèn fen 11/27/10 papa kalifye pou benefis EUC yo, men yo pral gen dwa poun resevwa benefis EB pou semen fen 12/04/10.
- Ou pa kalifye pou benefis konpansasyon pou chomaj nan okenn eta (ki enkli Pòto Riko, Zile Vyèj Ameriken, Distri Kolonbi) oswa Kanada
- Ou satisfè tout egzijans Lwa UC Laflorid la, ki aplike sou UC ak EB regilye, tankou ou kapab epi ou disponib pou travay, epitou yo pat diskalifye pou resevwa benefis baze sou rezon pa w pou separasyon.
- Ou aktivman ap chèche travay pou chak semèn EB ou reklame.
- Ou pat refize yon travay yo te ofri w oswa pat aplike pou yon travay apwopriye
Kilè peryòd EB an kòmanse?
Premye peryòd EB an te kòmanse 22 Fevriye, 2009. Peryòd orijinal EB an te ekspire le 2 Janvye, 2010; men, Lejislati Laflorid la te pwolonje li jiska 27 Fevriye, 2010. Yo te pwolonje peryòd EB ankò nan mwa Jwiyè 2010 avèk Òdonans Egzekitif Gouvènè Laflorid Crist an respons sou Ak Konpasasyon Chomaj 2010 la Prezidan Obama te siyen an. Yo te pwolonje EB pou jiska 4 Desanm, 2010. 0.
Kòman pou m aplike pou EB?
Konsomatè yo pral genyen kapasite pou fè yon aplikasyon sou entènèt la le oswa avan 9 Out, 2010 nan www.floridajobs.org. Konsomatè yo kapab ranpli tou epi retounen aplikasyon EB an nan adrès oswa nimewo faks ki sou aplikasyon EB an yo pral resevwa pa lapòs.
Kòman mwen pral resevwa notifikasyon EB an ak kilè mwen dwe ekspekte pou mwen resevwa premye peman mwen an?
Si out e soumet yon aplikasyon pou on nouvo relkamasyon EB apre 5 Jwen, 2010 epi ou reklame semen sa yo avan dat ou te soumet aplicasyon w lan, yon deteminezion pou kalifikasyon epi, si ou kalifye peman yo ap komanse li aplikasyon an processis.
Si ou fin itilize benefis EUC nan oswa avan 27 Novanm, 2010, yo pral voye fòm sètifikasyon pa lapòs pou reklamasyon ak peman pou reklame semen yo pral kòmanse lè pwosesis sètifikasyon yo fin fèt. Dèske ou genyen yon reklamasyon EB ki egziste, ou pap resevwa yon nouvo detèminezon.
Ki premye semèn ki peyab sou EB an?
Semèn kòmanse 3 Janvye, 2010 epi ki fini 9 Janvye, 2010.
Ki dènye semèn ki peyab sou EB an?
Semèn kòmansman 28 Novanm, 2010 – epi ki fini 4 Desanm, 2010 la se dènye semèn ki peyab sou EB an.
Èske yo pral peye mwen retwoaktif le 06/06/10?
Nou pral peye benefis retwoaktif EB yo pou semèn kòmanse 6 Jwen, 2010 depi yo satisfè tout egzijans yo.
Ki dat delè yo kapab etabli nan yon reklamasyon pou EB?
Semèn kòmanse 28 Novanm, 2010 epi ki fini 4 Desanm, 2010.
Ki montan EB yo pral peye mwen?
Montan benefis EB chak semèn al pral menm montan benefis ou te fèk resevwa pou reklamasyon EUC ki pi ansyen w la. Ou kapab gen dwa pou resevwa jiska 20 semèn EB. Si ou genyen dwa pou resevwa Alokasyon Reajisteman Komèsyal, ou kapab resevwa mwens semèn EB.
Kòman mwen pral reklame semèn pou EB?
Si ou fin itilize benefis EUC yo nan oswa avan 24 Jwiyè, 2010 yo pral voye pou yo pa lapòs yon aplikasyon pou fè yon reklamasyon EB retwoaktif ak yon sètifikasyon reklamasyon EB retwoaktif pou semèb 2 Jwen, 2010 jisak 7 Out, 2010. Si out e fè reklamasyon EB retwoaktif ou an sou entènèt la ou pral genyen opòtinite pou reklame sou entènèt la semèn 12 Jwen, 2010 ak 7 Out, 2010. Nou antisipe pou voye fòm sètifikasyon sa a avan 10 Out, 2010 pa lapòs. Si ou te fè yon reklamasyon EB pa lapòs oswa faks, ou pral bezwen pou ranpli fòm sètifikasyon reklamasyon EB retwoaktif la epi voye li bay ajans la pa lapòs oswa pa faks le pli vit ki posib.
Kilè mwen kapab atann peman mwen an?
Si ou te soumèt yon aplikasyon pou yon nouvo reklamasyon EB epi reklame semèn yo retwoaktif, ou pral resevwa yon detèminezon pou kalifikasyon epi, si ou kalifye, yon peman pou semèn ou reklame yo pral vin jwenn ou nan lespas twa semèn yo resevwa aplikasyon w la. Nou antisipe pou kòmanse fè peman le oswa avan 10 Out, 2010.
Si ou fin itilize benefis EUC nan oswa avan 27 Novanm, 2010, yo pral voye fòm sètifikasyon pa lapòs pou reklamasyon ak peman pou reklame semen yo pral kòmanse lè pwosesis sètifikasyon yo fin fèt. Dèske ou genyen yon reklamasyon EB ki egziste, ou pap resevwa yon nouvo detèminezon.
Kòman yo pral peye mwen?
Nou peye EB swa pa depo dirèk oswa yon manda (chèk). Ou pral kapab kòmanse, estope oswa chanje enfòmasyon bankè depo dirèk la pandan w ap fè reklamasyon w la chak semèn sou entènèt la.
E si rezidans mwen se nan yon lòt eta?
Sa ou pral resevwa yo par baze sou kondisyon EB nan Eta pou abite an.
Kòman mwen kapab jwenn èd pou jwenn travay?
Nou ankouraje w pou kontakte Sèl-Estòp Sant Karyè lokal ou an pou asistans pou chèche travay. Sèl-Estòp Sant Karyè Laflorid la ofri divès kalite travay ak antrenman tout patou nan eta an. Klike isit la pou kat ejyografik Sèl-Estòp Laflorid yo ye. www.floridajobs.org/onestop/onestopdir/index.htm. Anplis, ou kapab chèche divès kalite opòtinite pou jwenn travay nan Mache Anplwa Laflorid la (Employ Florida Marketplace) lè w ale nan www.EmployFlorida.com.
Kòman mwen kappa f yon apèl sou yon detèminezon?
Nenpòt lè ou resevwa yon detèminezon pou EB, ou genyen menm dwa pou yon apèl nan pwogram regilye UC ak EUC yo. Yo eksplike dwa pou apèl yo sou Depliyan Enfòmasyon Sou Dwa w yo ou kapab jwenn nan: http://www.floridajobs.org/unemployment/uc_bri.html
Sanksyon:
Si ou resevwa EB ou pat kalifye pou resevwa, yo kapab mande pou repeye yo benefis ou te resevwa an. Lwa UC Laflorid la genyen penalite lè ou fè espre ou pa di tout la verite defason pou kapab resevwa benefis yo. Lwa Federal la genyen ladann tou lè ou fè espre ou pa di tout la verite defason epi ou fè fo deklarasyon. Ou kapab voye kesyon adisyonèl ou genyen sou EB yo pou uceb@flaawi.com.
