Pwogram Espesyal Asistans Reyanbochaj

Enfòmasyon ki ekri pi ba a bay deskripsyon pwogram ak sèvis Konpansasyon DEO ofri pou moun ki nan chomaj (DEO Unemployment Compensation).

Asistans Chomaj Poutèt Dezas



Pou depoze yon reklamasyon pou Asistans Chomaj Dezas (DUA) akòz Siklòn Michael tanpri klike ISIT LA.

Dat limit pou te aplike pou Asistans Chomaj pou Dezas (DUA) akòz Siklòn Michael a pou moun ki tap travay oswa ki tap viv nan kontre ki te afekte yo se te Lendi 31 Desanm 2018. Ekzijans pou chèche travay ak anrejistreman konplè travay yo te sispann depi 14 Oktòb pou rive 29 Desanm, 2018, pou reklaman ki te depoze yon reklamasyon kòm rezilta dirèk Siklòn Michael ak/oswa ki te travay oswa te abite nan kontre ki afekte yo.

Si ou bezwen èd pou plen aplikasyon inisyal DUA w la, tanpri rele 1-800-385-3920.

Si ou bezwen soumèt Prèv Salè pou yon reklamasyon DUA, tanpri telechaje dokiman yo atravè bwat CONNECT ou a oswa faks yo nan 1-800-222-7934.

Asistans Chomaj Dezas yo ap disponib pou moun ki:

  • Tap travay oswa ki tap travay ak tèt yo oswa ki te pwograme pou al kòmanse travay oswa travay ak tèt yo;
  • Pa ka travay oswa ofri sèvis yo akoz domaj fizik ki destwi etablisman kote yo travay la kòm yon rezilta dirèk dezas la;
  • Ka etabli ke travay la oswa travay ak tèt yo a, ke yo pa ka fè ankò a, se sous prensipal revni yo;
  • Pa kalifye pou benefis chomaj regilye nan okenn eta;
  • Pa ka fè travay yo oswa travay ak tèt yo poutèt yon frakti/blesi kòm yon rezilta dirèk dezas la; oswa
  • Te devni tèt fanmi lan oswa soutyen prensipal yon fanmi paske moun ki te tèt fanmi lan te jwenn lanmò l akoz gwo dezas la.

Enfòmasyon sou Plan Konpansasyon Akoutèm (Short Time Compensation Information)

Konpansasyon akoutèm se yon pwogram rekalmasyon espesyal ki peye benefis pasyèl bay gwoup anplwaye ki vin gen mwens lè travay. Anplwayè yo (konpayi yo) ka chwazi pou yo patisipe nan pwogram sa a defason pou yo pa pèdi bon anplwaye yo, alòs anplwayè yo (konpayi yo) ka redui kantite èdtan yon gwoup anplwaye olye pou yo deside leyòf anplwaye yo tanporèman

Konpansasyon Chomaj pou Ansyen Manm Sèvis Militè (Unemployment Compensation for Ex-Service Members)

Pwogram Konpansasyon chomaj pou Ansyen Manm Sèvis Militè (UCX) bay ansyen anplwaye militè benefis depi yo kalifye. Ansyen manm Administrasyon Nasyonal Oseyanografik ak Atmosferik (National Oceanographic and Atmospheric Administration) ak ansyen manm Kò Komisyon Sèvis Sante Piblik tou (U.S. Public Health Services Commissioned Corps) kapab benefisye de pwogram UCX la.

Si w te nan yon branch militè Ozetazini a plen tan epi kounye a ou nan chomaj, gen posibilite pou kalifye pou resevwa benefis. Se ajans Sekirite Travay leta yo (state's Employment Security agencies) ki peye konpansasyon pwogram UCX la konfòmeman ak antant ki te fèt ant eta yo ak Sekretèri Travay Etazini (U.S. Secretary of Labor). Si pou yo pran reklaramasyon yo, fòk se dapre Lalwa ak Règilasyon sou Chomaj Florida (Florida Unemployment Law and Regulations).

Si w panse w kalifye, ou ka soumèt yon reklamasyon atravè

Florida Internet Claims Filing System (CONNECT) (Sistèm pou soumèt reklamasyon pa entènèt nan Florida)

Konpansasyon Chomaj pou Anplwaye Federal ki se Sivil (Unemployment Compensation for Federal Civilian Employees)

Pwogram sa a peye benefis pou asistans chomaj (reemployment benefits) bay ansyen anplwaye federal ki se sivil. Se ajans sekirite travay leta yo (state's Employment Security agencies) ki peye konpansasyon ki sou pwogram Konpansasyon Chomaj pou Anplwaye Federal ki se Sivil (Compensation program to Federal Civilian Employees) konfòmeman ak antant ki te fèt ant eta yo ak Sekretèri Travay Etazini (U.S. Secretary of Labor).

Si w panse w kalifye, ou ka soumèt yon reklamasyon atravè Florida Internet Claims Filing System (CONNECT) (Sistèm pou soumèt reklamasyon pa entènèt nan Florida)

Aplike pou Benefis

CONNECT

Ant plizyè travay?

Pap Travay?

Kòmanse aplikasyon w lan nan CONNECT.

CONNECT Login -  CREOLE

Kesyon yo poze souvan

 Ki Jan Pou Contakté Nou

Sant Èd Asistans Reyanplwa

Pou Endividyèl: Liy Dirèk Asistans Reyanplwa
1-833-352-7759

Pou Anplwayè yo: Sant Selilè Sèvis Kliyan DEO pou Anplwayè
1-833-352-7759

Rapòte Fwòd oswa Vòl Idantite

LIY DIRÈK FROD
1-833-352-7759 

Fwod nan zafè Asistans Reyanplwa se yon krim 3yèm degre. Chak ofans ka jwenn pinisyon jiska 5 ane nan prizon ak jiska $5,000 amann.

An equal opportunity employer/program.  Auxiliary aids and services are available upon request to individuals with disabilities.
All voice telephone numbers on this website may be reached by persons using TTY/TDD equipment via the Florida Relay Service at 711.
You have selected a link to a website that is outside of the floridajobs.org domain. Control of the content of this website belongs to the website's owner and not to Florida Commerce.
OK
 
Cancel