cr-1099-G-banner

Ki sa Fòmilè 1099-G a ye?


Fòmilè 1099-G ki rele, “Kèk Peman Gouvènman an Fè,” se yon fòmilè taks federal ke gouvènman federal, branch leta oswa gouvènman lokal yo prepare si yo te bay peman a reklaman pou benefis Asistans Reyanplwa.  Yo bay reklaman yo fòmilè sa a pou montre montan total yo te peye reklaman an pou konpansasyon chomaj pandan ane 2023 a.  Anplis de peman benefis total  pou ane 2023 a, kantite ki rapòte nan Fòmilè 1099-G a enkli anbousman, kredi, oswa diferans nan enpo sou revni lokal oswa leta yon reklaman te resevwa, ansanm avèk enpo sou revni federal ke yo prelve sou benefis Asistans Reyanplwa reklaman an.

Pou kisa mwen resevwa yon Fòmilè 1099-G? 


FloridaCommerce distribye Fòmilè 1099-G a nan mwa janvye nan objektif pou w ka jwenn li pou ranpli taks ou. Si w te resevwa benefis Asistans Reyanplwa nan ane kalandriye 2023 a, w ap resevwa yon Fòmilè 1099-G. 1099-G a pral detaye kantite benefis ou te touche pandan yon ane espesifik ansanm ak tout kantite lajan yo te retni pou peye IRS. Fòmilè 1099-G yo ap disponib anvan 31 janvye pou ane fiskal anvan an.

Kòman pou m jwenn yon kopi Fòmilè 1099-G mwen an?


Yon kopi elektwonik 1099-G w la ap disponib atravè kont Asistans Reyanplwa w la. Si w te chwazi lapòs "US" kòm opsyon korespondans ou prefere, yap voye yon kopi sou papye nan adrès Depatman an gen nan dosye li ki asosye ak kont ou a. Tout reklaman gen opsyon pou wè Fòmilè 1099-G yo nan bwat resepsyon kont Asistans Reyanplwa yo a, kèlkeswa metòd kominikasyon yo prefere a. 

Itilize gid ki anba a pou ède w pou jwenn aksè nan 1099-G ou a.

cr_1099g_access_2024

Kesyon ki Poze Pi Souvan sou Fòmilè 1099-G


Èske benefis Asistans Reyanplwa taksab?
Benefis Asistans Reyanplwa yo se revni ki taksab. Lè w ap aplike pou Asistans Reyanplwa, ou ka chwazi pou yo retni 10% benefis chak semèn pou peye IRS. Epitou ou ka mete opsyon sa a ajou nan kont Asistans Reyanplwa w la anba seksyon "Gade ak Mentni Enfòmasyon sou Kont lan" lè w chwazi "Metòd Peman ak Opsyon pou Retni Taks."

E si mwen pa dakò ak lis peman yo oswa mwen ta renmen chanje montan yo mete nan Fòmilè 1099-G mwen an?
Si w te resevwa yon Fòmilè 1099-G epi ou kwè ke li pa kòrèk epi/oswa ou te renmen chanje Fòmilè 1099-G ou te resevwa a, tanpri vizite Sant Èd Asistans Reyanplwa a, chèche “Dokiman Taks,” epi chwazi opsyon ki pi byen dekri demann ou an.

Pou kisa mwen resevwa yon Fòmilè 1099-G pou yon ane ke mwen pat fè demann pou benefis?
Reklaman yo ka resevwa Fòmilè 1099-G a lè dènye semèn benefis yo te touche a nan kòmans ane a. Pa egzanp, si w te resevwa peman benefis aprè premye janvye 2023, ou ka resevwa Fòmilè 1099-G a.  Nan lòt okazyon, Depatman an ka konplete yon jijman ki te annatant pou bay peman benefis pou Asistans Reyanplwa nan yon dat ki pi ta. Lè w revize “Istwa Peman” w yo sou kont Reconnect ou a, se fason ki pi fasil pou w wè rezon ki fè yo te voye Fòmilè 1099-G a ba ou.

E si mwen resevwa yon Fòmilè 1099-G epi mwen pat fè reklamasyon pou Asistans Reyanplwa?
Si w resevwa yon Fòmilè 1099-G epi ou pat fè reklamasyon pou Asistans Reyanplwa, tanpri vizite Sant Èd Asistans Reyanplwa a, chèche opsyon pou “Rapòte VÒL IDANTITE/FWOD,” epi pral gen yon yon rapò ofisyèl kap soumèt  bay Depatman an. Pou plis enfòmasyon sou fwod Asistans Reyanplwa, tanpri al gade Kit Viktim Vòl Idantite Florid la ke Depatman an prepare.

Mwen gen difikilte pou louvri Fòmilè 1099-G an. Ki sa pou m fè?
Si w gen difikilte pou jwenn aksè nan Fòmilè 1099-G w la nan kont Asistans Reyanplwa ou a, tanpri itilize opsyon depanaj sa yo:

  • Verifye ke Adobe Acrobat Reader enstale sou òdinatè w la epi li ajou.
  • Deyaktive bagay ki bloke pop-up yo oswa firewalls ki nan navigatè w la. Fòmilè 1099-G a pral ouvri nan yon lòt fenèt nan navigatè òdinatè w la.
  • Asire ke ou glise desann ekran an jis anba lè dokiman PDF la ouvri. Dokiman sa a gen plizyè paj, ki enkli yon antèt lèt ak Fòmilè 1099-G a.

Fòmilè 49-T


Yon fòmilè 49T se yon fòmilè koutwazi ke yo voye bay reklaman kòm yon resi pou lajan peman anplis Asistans Reyanplwa ke li ranbousman pou yon ane fiskal espesifik. Yo pat founi fòmilè 49T a pou ane fiskal 2020, 2021, 2022 oswa 2023. Tout ranbousman ou te voye bay Depatman an sou fòm chèk oswa kat kredi, ka itilize kòm dosye ranbousman peman w yo.

Ou ka konekte nan Reconnect epi klike sou "1099G/49T Mwen an" pou w ka wè ak enprime fòmilè yo. Pou plis kesyon, tanpri revize kesyon ki poze souvan sou 1099-G nou yo.

Taks Retni 


Benefis Asistans Reyanplwa yo se revni ki taksab. Ou ka chwazi pou yo retni 10% nan benefis chak semèn ou yo pou kouvri taks ou dwe peye IRS. Wap ka jere sa apre w fin konekte nan reklamasyon w lan anba "Gade ak Mentni Enfòmasyon sou Kont lan" epi chwazi "Metòd Peman ak Opsyon pou Retni Taks."

An equal opportunity employer/program.  Auxiliary aids and services are available upon request to individuals with disabilities.
All voice telephone numbers on this website may be reached by persons using TTY/TDD equipment via the Florida Relay Service at 711.
You have selected a link to a website that is outside of the floridajobs.org domain. Control of the content of this website belongs to the website's owner and not to Florida Commerce.
OK
 
Cancel