Reklamasyon ou an pral revize pou sijè potansyèl tankou separasyon ak travay ou, disponiblite w, oswa kapasite pou travay; sa rele pwosesis pou desizyon. Si yo detekte yon pwoblèm potansyèl, yap mete semèn ou deja reklame yo sou poz jiskaske yo pran yon detèminasyon. Li enpòtan pou kontinye fè demann pou benefis pandan ke yap revize reklamasyon w lan.

Ou dwe ranpli yon fòm enfòmasyon pou rekèyi fè-reyèl pou chak zafè potansyèl ki ka afekte reklamasyon w lan. Jeneralman, ou ranpli fòm sa yo lè w ap aplike pou benefis oswa pandan w ap fè demann pou peman benefis. Pou tout enfòmasyon ki enkonplè oswa si yo bezwen nouvo fè-reyèl, wap jwenn notifikasyon an nan bwat resepsyon w lan sou Reconnect. Tanpri asire ke w presize ase epi bay tout detay ke posib. Tanpri ranpli fòm enfòmasyon fè-reyèl la anvan dat dèle ki endike a, otreman reklamasyon w lan ka an reta oswa mal detèmine

RAPÈL ENPTAN: Lè w ap ranpli fòm enfòmasyon fè reyèl la nan Reconnect, se pou w klike sou bouton SOVGADE a sou fòm nan chak de (2) minit pou asire ke enfòmasyon w yo sove.


Yon abit ka kontakte w, kidonk li enpòtan pou enfòmasyon w yo ajou sou Reconnect. Yo ka kontak w nan telefòn, imèl, oswa nan bwat resepsyon Reconnect ou a. Ou dwe reponn nan delè ke yo ba ou a.

Si se bwat mesajri yo ou jwenn, kite yon mesaj ki enkli:

  • Non w ak sinyati w
  • Kat dènye chif nan Nimewo Sekirite Sosyal ou
  • Nimewo telefòn pou yo rele w bak

Apre w fin pale avèk abit la, tanpri sonje ke anplwayè a ka bezwen enfòmasyon pou replike, kidonk, Tanpri bay jij-abit la ase tan pou li rasanble tout enfòmasyon ki nesesè yo anvan li pran yon desizyon sou reklamasyon w la.

Si ou pa reponn, yap pran yon detèminasyon daprè enfòmasyon ki disponib yo. Yap voye detèminasyon an atravè Reconnect, ak atravè lapòs si ou te chwazi opsyon sa a.

Si yo detèmine ou kalifye pou TOUT zafè yo, yap peye w pou semèn ou te fè reklamasyon yo, eksepte semèn datant lan. Anjeneral, yo pran yon desizyon ant de (2) a sis (6) semèn aprè ou fin depoze reklamasyon w lan.

Si ou resevwa yon detèminasyon ki diskalifye w, ou gen 3 opsyon:

  • Detèminasyon an ka refèt si ou gen enfòmasyon ki nouvo ak enpòtan pou prezante.
  • Diskalifikasyon an ka sispann si diskalifikasyon an pa ekziste ankò, pa-exanp si ou te diskalifye poutèt ou pat ka travay akoz yon frakti/blesi epi konyea yon doktè di ou ka travay, ou ka mande pou yo sispann diskalifikasyon an.
  • Si ou pa dakò avèk detèminasyon an epi ou pa gen nouvo enfòmasyon pou prezante, Lè sa a, ou ka depoze yon apèl.

Detèminasyon an ap rete an vigè jiskaske gen yon odyans dapèl ki fèt epi yo pran yon desizyon. Li enpòtan pou w kontinye fè demann pou benefis pandan pwosesis sa a.

Si yo pran yon detèminasyon ki diskalifye w pou semèn ke w deja touche pou yo, sa pral kreye yon peman anplis. Wap responsab pou ranbouse peman anplis lan.




An equal opportunity employer/program.  Auxiliary aids and services are available upon request to individuals with disabilities.
All voice telephone numbers on this website may be reached by persons using TTY/TDD equipment via the Florida Relay Service at 711.
You have selected a link to a website that is outside of the floridajobs.org domain. Control of the content of this website belongs to the website's owner and not to Florida Commerce.
OK
 
Cancel