Repeye Benefis Reyanbochaj Peman Anplis Ou Yo
Nan Koleksyon:
Si dèt ou a te refere nan koleksyon, ou pa pral kapab fè peman ou dirèkteman bay DEO. Ou ap bezwen voye peman an bay:
United Collection Bureau (UCB)
PO Box 1390
Maumee, Ohio 43537
Phone: 1-866-769-4084
* Pousantaj Frè Koleksyon: 17.5%
Règleman pou Ranbousman
Ranbousman pa pèmèt sou repeman benefis ki te peye anplis. Ou ka peye peman anplis ou yo pa chèk oswa avèk Visa, MasterCard, oswa Discover kat kredi.
Peman pa Chèk:
1. Enprime e complete peman koupon an.
2. Fè chèk / money order peyab bay Unemployment Compensation Trust Fund.
3. Voye pa lapòs chèk / money order ansanm avèk koupon ou konplete a bay Benefit Payment Control, P.O. Drawer 5050, Tallahassee, FL 32314-5050.
Peman pa Kat Kredi:
Ou ka itilize kat kredi ou a gratis klike isit la.
Sèvis Kliyan Nimewo Telefòn
1-833-352-7759
Règleman sou Enfòmasyon Prive
Nou komèt nan asirans pou prive ou ak sekirite pou enfòmasyon ou yo. Depatman Opòtinite Ekonomik pa kenbe enfòmasyon kat kredi sou sèvè nou an. Tout aktivite kat kredi pa lantremiz Bank of America CyberSource yo fè sou yon sit entènèt ekstèn ki an sekirite. Se règleman nou pou pa kolekte enfòmasyon pèsonèl sou ou lè ou vizite sit entènèt nou an sof si ou espesifikman chwazi pou fè enfòmasyon sa yo disponib ba nou. Si ou chwazi pou pataje enfòmasyon pèsonèl lè ou voye yon mesaj oswa ranpli yon fòm elektwonik, tanpri konnen byen anba lwa Florid la imel adrès yo se dosye piblik. Nou dwe kenbe li pou yon peryòd de tan pou konfòme avèk regleman nan Eta Florid la. Enfòmasyon yo pa pral divilge bay twazyèm pati oswa lòt ajans gouvènman sof si yo egzije pa eta oubyen lalwa federal. Dosye piblik lwa Florid la mande pou tout enfòmasyon ki resevwa nan koneksyon avèk biznis eta dwe disponib bay nenpòt moun ki mande yo sof si enfòmasyon an se sijè a yon egzanpsyon legal espesifik.