Aprann sou mache travay Florid la ak fason pou prepare pou yon nouvo karyè.

  • Sant Karyè Sous   
    Jwenn resous travay ki gen ladan asistans pèsonèl nan Sant Karyè Sous local ou a.

 Pwogram pou Prete Lajan oubyen pou Bay Don

US Depatman Edikasyon an ak US Depatman Travay la te kreye yon sel sit entènèt https://studentaid.ed.gov/sa/, kote ou ka jwenn enfòmasyon itil sou don federal ak opòtinite èd finansye.

Si ou ta pare pou aplike pou asistans federal tanpri vizite, www.fafsa.ed.gov oswa rele 1-800-433-3243. Si ou gen pwoblèm pou tande ou ka kontakte TTY liy nan 1-800-730-8913.

 

Pell Grants (Don)

Pwogram Federal Pell Grant la bay don ki baze sou bezwen finansye a étidyan ki gen revni ki ba ak sèten elèv pòs bakaloreya pou ankouraje aksè nan edikasyon siperyè. Ou ka aplike sou entènèt pou Pell Grant lan lè ou konplete aplikasyon gratis la pou Èd Federal pou Elèv yo (FAFSA) ki sou www.fafsa.ed.gov oswa lè ou rele 1-800-4FEDAID (1-800-433-3243). Si ou gen pwoblèm pou tande epi ou ta genyen kesyon, kontakte liy TTY nan 1-800-730-8913. Moun kap rele nan kote ki pa gen aksè nan nimewo 1-800 sa a yo ka rele 319-337-5665 (se pa yon nimewo telefòn gratis). Si ou ta vle aplike pou Pell Grant lan, asire ke ou fè sa byen davans pou tèm lekòl la oswa pou dat kou a pral kòmanse a pou pèmèt ase tan pou pwosesis aplikasyon sibvansyon an. Ou ka vle tcheke avèk lekòl sa ou vle enskri an pou ka konnen lè ou ap bezwen gen FAFSA a konplete pou akseptasyon nan semès lekòl la, pou tèm nan oswa pou teknikal klas yo ke ou ta vle anrejistre yo. Ou kapab byen vle travay nan Biwo pou Sèvis Finans ki nan enstitisyon edikasyonèl la ke ou fè plan pou ou ale a.

 

Carl Perkins Loans (Prè)                                                            

Yon Carl Perkins Loan se yon prè ki baze sou bezwen finansye e ki ofri pa US Depatman Edikasyon an pou ede etidyan yo nan finansman pou edikasyon apre lekòl segondè yo. Ou ka aplike tou sou entènèt pou yon prè Carl Perkins lè ou konplete aplikasyon gratis la pou Èd Federal pou Elèv yo (FAFSA) ki sou www.fafsa.ed.gov oswa lè ou rele 1-800-4FEDAID (1-800-433-3243). Si ou gen pwoblèm pou tande epi ou ta genyen kesyon, kontakte liy TTY nan 1-800-730-8913. Moun kap rele nan kote ki pa gen aksè nan nimewo 1-800 sa a yo ka rele 319-337-5665 (se pa yon nimewo telefòn gratis). Yon lòt sit entènèt pou enfòmasyon sou Carl Perkins ak lòt prè federal yo ke ou kapab jwenn itil se https://studentaid.ed.gov/sa/types/loans/perkins.

 

Èd Federal pou Elèv yo (FAFSA)

Jwenn enfòmasyon sou prè finans federal pou elèv yo. Èd Federal pou Elèv yo, se yon biwo nan US Depatman pou Edikasyon an, ki bay opòtinite edikasyon e ki fèt pou moun ki pap travay yo. Pou pale ak yon reprezantan, rele 1-800-4FEDAID (1-800-433-3243). Si ou gen pwoblèm pou tande epi ou ta genyen kesyon, kontakte liy TTY nan 1-800-730-8913. Moun kap rele nan kote ki pa gen aksè nan nimewo 1-800 sa a yo ka rele 319-337-5665, ki se pa yon nimewo telefòn gratis.

 

Opòtinite pou Don Eta

Li sou opòtinite sibvansyon ak èd finansye ki disponib nan Biwo Asistans Finansye Elèv la ki sitiye nan Depatman Edikasyon Florid la. Enfòmasyon sou opòtinite pou don eta yo ak èd finansye pou lekòl piblik yo ka jwenn sou sit entènèt pou Depatman Edikasyon Florid la nan http://www.floridastudentfinancialaid.org/ lè ou rele nimewo telefòn gratis sa 1-888-827-2004 oswa pa imèl nan OSFA @ fldoe.org.

 

Workforce Investment Act (Lwa Envestisman Mendèv)

Lwa Envestisman Mendèv la bay asistans finansye pou fòmasyon ak devlopman pwofesyonèl bay moun kalifye kap chèche travay. Kontakte Karyè Sous lokal ou a pou plis enfòmasyon.

 

Inivèsite yo, Kolèj yo ki nan Eta a, Vokasyonèl ak Edikasyon pou Karyè Lekòl yo

Resous sa yo bay enfòmasyon sou inivèsite, kolèj, pwofesyonèl, edikasyon pou karyè lekòl yo nan Florid la.     

  

 

 



 

Employ Florida Logo

Resous wap jween sou entènèt pou travay

  • Jwenn èd avèk rezime
  • Aplike pou Travay
  • Rechèch pou Karyè
  • Telechaje App Mobile la   

app-store-image

google-play-image


Resous

Edikasyon pou Granmoun ak Karyè
Pou granmoun kap chèche apwofondi konesans yo, fòmasyon pwofesyonèl, aprantisaj, ak anpil lòt.

Enfòmasyon sou Mache Travay la
Yon kantite piblikasyon ak gid pou ede w fè pi bon chwa pou karyè. Ki enkli Komik Karyè, Travay Vè ak afich pou Konvèsyon Salè.

An equal opportunity employer/program.  Auxiliary aids and services are available upon request to individuals with disabilities.
All voice telephone numbers on this website may be reached by persons using TTY/TDD equipment via the Florida Relay Service at 711.
You have selected a link to a website that is outside of the floridajobs.org domain. Control of the content of this website belongs to the website's owner and not to Florida Commerce.
OK
 
Cancel