Ki moun ki ka anrejistre avèk Biwo pou Dwa Sivil Depatman Opòtinite Ekonomik la (Department of Economic Opportunity's Office for Civil Rights)?

Nenpòt moun ki panse yo viktim diskriminasyon ilegal akòz:

  • yon règleman, yon pwogram, yon aktivite oswa yon anplwaye nan depatman nou an
  • yon benefisyè (kontraktè oswa founisè sèvis) ki resevwa asistans finansye federal atravè depatman nou an.

Pa egzanp, pami moun sa yo, ka gen kliyan ki nan Sant One-Stop nou yo, tankou:

  • Moun kap chèche travay yo
  • Moun kap aplike pou benefis chomaj
  • Moun kap aplike pou pwogram fòmasyon travay
  • Moun kap patisipe nan pwogram fòmasyon travay
  • Moun kap aplike pou travay nan depatman nou an
  • Anplwaye ki nan depatman nou an

Rezon valab pou anrejistre plent poutèt diskriminasyon

Diskriminasyon1 poutèt kèlkeswa rezon ki make pi ba yo, entèdi kategorikman nan pwogram Depatman yo:

  • Ras
  • Koulè po
  • Andikap
  • Relijyon
  • Sèks
  • Orijin natifnatal
  • Laj
  • Eta sivil
  • Afilyasyon politik oswa kwayans 2
  • Patisipasyon nan nenpòt pwogram WIA Tit I ki resevwa asistans finansye oswa nan nenpòt aktivite 3
  • Sitwayènte oswa estati antanke yon imigran legal ki gen otorizasyon pou travay Ozetazini 3

1 Chapit  760.10 nan Lwa Florida 
2 Afilyasyon politik oswa kwayans aplikab pou pwogram WIA yo sèlman.
3 Sitwayènte/estati antanke imigran ak patisipasyon nan pwogram aplikab a benefisyè pwogram WIA yo sèlman.

Èske jiskaprezan ou pa fin si ki kote pou anrejistre, oswa kisa delè pou anrejistre a ye?

Tanpri Kontakte nou.


An equal opportunity employer/program.  Auxiliary aids and services are available upon request to individuals with disabilities.
All voice telephone numbers on this website may be reached by persons using TTY/TDD equipment via the Florida Relay Service at 711.
You have selected a link to a website that is outside of the floridajobs.org domain. Control of the content of this website belongs to the website's owner and not to Florida Commerce.
OK
 
Cancel