Enfòmasyon sou Sèvis nou yo

Biwo pou Dwa Sivil yo (Office for Civil Rights) bay sèvis swivan yo:

  • Preparasyon plan pwogram kont diskriminasyon ak mizajou 
  • Fòmasyon ki gen rapò avèk pwogram yo ak asistans teknik
  • Kontwòl konfòmite pwogram yo
  • Envestigasyon sou plent poutèt diskriminasyon ak kowòdinasyon

Resous pou ede Moun ki gen andikap
Jwenn enfòmasyon sou kijan pou itilize sèvis Relè Florida, jwenn direktiv sou  kijan pou jwenn aksè nan pwogram yo, jwenn asistans teknik pou konsepsyon akomodasyon ki apwopriye pou moun ki gen andikap, ak anpil lòt enfòmasyon.

Resous pou ede Moun ki gen yon konpetans limite nan lang angle
Aprann enfòmasyon sou sèvis ki pèmèt aksè nan domèn lang, sou direktiv ki konsène asistans nan domèn lang pou moun ki gen konpetans limite nan lang angle, ak plizyè lòt enfòmasyon toujou.

Plent poutèt diskriminasyon
Jwenn enfòmasyon sou elijibilite pou anrejistre yon plent, sou delè pou anrejistre plent yo, sou enstriksyon ak pwosedi yo, ak sou medyasyon.

Enfòmasyon pou pran kontak

Anplwaye DEO yo, kliyan yo, ak patnè yo ka kontakte:

Imèl: civil.rights@deo.myflorida.com
(Telefòn): 850.921.3205 / (Faks): 850.921.3122
[TTY {pou moun ki soud oswa bèbè}:  itilize sèvis Relè Florida, 711]

107 E. Madison Street
Caldwell Bldg., MSC 150
Tallahassee, FL 32399-4129

Tout lòt moun ki ta renmen anrejistre yon plent poutèt diskriminasyon, dwe kontakte EEOC ak FCHR. Klike la a pou w ka gen plis enfòmasyon.


An equal opportunity employer/program.  Auxiliary aids and services are available upon request to individuals with disabilities.
All voice telephone numbers on this website may be reached by persons using TTY/TDD equipment via the Florida Relay Service at 711.
You have selected a link to a website that is outside of the floridajobs.org domain. Control of the content of this website belongs to the website's owner and not to Florida Commerce.
OK
 
Cancel