Fòm Taks yo Disponib sou Entènèt
Yo te voye pa lapòs fòm taks 1099-G, “Sèten Peman Gouvènman," pou ane sivil 2010 la ant 10 janvye ak 18 janvye 2011, epitou yo te voye pa lapòs fòm taks UCO-49T pou ane sivil 2010 la nan dat 27 janvye ak 28 janvye 2011. Si ou te demenaje epi ou gen yon nouvo adrès ki nan dosye biwo lapòs, y ap voye fòm (yo) pou ou nan nouvo adrès ou. Tanpri kite tan pase pou resevwa fòm nan anvan yon mande yon kopi.
Fòm 1099-G ak fòm FL UCO-49T disponib tou sou entènèt. Pou wè oswa pou enprime fòm taks ou yo, ale nan sit paj Sètifikasyon Demann Chak Semèn. Ou antre adrès ou, Nimewo Sekirite Sosyal ou ak PIN, ou pral genyen opsyon pou enprime fòm taks yo, 1099-G-an montre peman total konpansasyon chomaj pou ane a, epi UCO-49T-a ki ta montre montan ki remèt bay depatman an poutèt ou gen yon peman anplis.
Ou ka fè demann kopi fòm 1099-G yo pou ane ou ye a ak ane pase yo nan imèl nan 1099G@deo.myflorida.com nan telefòn nan nimewo 1-800-204-2418. Demann sa a fèt pou gen ladan non ou, sèlman kat (4) dènye chif nimewo Sekirite Sosyal ou, chanjman adrès ou lè ou demenaje, ak ane sivil espesifik ou mande a.
Dapre Lalwa Florid, imèl se dosye piblik. Si ou pa vle pou imèl ou divilge nan repons pou yon demann dosye piblik, pa voye imèl ou ba depatman an. Olye ou fè sa, kontakte depatman an nan telefòn oswa alekri.