Fwod nan Konpansasyon pou Chomaj se yon zak grav ki kapab lakòz yo pouswiv ou lajistis ak mete ou nan prizon. Si ou konnen yon moun k ap resevwa avantaj yo nan fwod, ou ta dwe imedyatman kontakte

Depatman Opòtinite Ekonomik depi w rele li gratis nan nimewo 1-800-342-9909 oswa depi ou soumèt enfòmasyon yo sou entènèt. Ou pa bezwen idantifye tèt ou lè w ap rapòte aktivite fwod ou sispèk la, men, ou fèt pou anmezi pou bay non travayè a, ak non travay la oswa adrès travay patwon moun nan.

 

Apèsi sou Konpansasyon pou Chomaj

Definisyon Fwod nan Konpansasyon pou Chomaj

Fwod nan Konpansasyon pou Chomaj – Nenpòt fo deklarasyon ou fè, oswa si ou pa bay yon enfòmasyon enpòtan, lè ou konnen ou fè sa pou ka jwenn oswa pou ka evite peman avantaj ki vyole dispozisyon lwa sou Konpansasyon pou Chomaj. Pa egzanp, yon moun ki fè demann lan ak fè espre pou pa rapòte nenpòt salè li te ka touche; moun nan te ka fè espre pou pa rapòte tout salè li yo; oswa li te ka bay fo rezon ki fè li p ap travay.

Anplwaye Kontwòl Peman Avantaj yo gen responsablite pou demontre entansyon an lè y ap detèmine si yon demann ki fèt avèk fwod. Entansyon enpòtan sitou si yo voye dosye a pou yo pouswiv moun nan lajistis. Yo ka itilize prèv nan sikonstans lan lè y ap pran desizyon an.

Sanksyon pou Fwod nan Konpansasyon pou Chomaj

Fwod nan Konpansasyon pou Chomaj se yon krim twazyèm degre epi sa kapab lakòz moun ki fè demann lan ale nan prizon. Lè yo detèmine yon demann fèt avèk fwod, anplis egzijans pou remèt lajan peman anplis la, moun ki fè demann lan p ap kalifye pou li resevwa avantaj alavni (yo kapab enpoze yon diskalifikasyon sou baz semèn-pa-semèn jiska yon peryòd yon ane), epitou yo kapab voye dosye a nan biwo Pwokirè Eta pou pouswiv moun nan lajistis. Pwokirè Eta yo ka akize moun ki fè demann lan kòm moun ki fè yon gwo vòl oswa yon deli.

Pouswit lajistis ak kondanasyon pou fwod nan konpansasyon pou chomaj ka lakòz moun ki fè demann lan vin gen obligasyon pou pase tan nan prizon, pou remèt lajan ou touche anplis la, pou yo mete li sou pwobasyon oswa sou yon kalite entèvansyon anvan pwosè, epitou pou li travay kèk èdtan nan sèvis kominotè.

Peman anplis san Fwod

Peman anplis san fwod ka se rezilta yon neglijans, malantandi, erè teknik, re-detèminasyon, jijman, desizyon kontestasyon, lòd EAC ak/oswa desizyon tribinal, oswa lòt sikonstans atenyant. Pa egzanp, yon peman anplis san fwod ta ka kreye paske yon moun ki fè demann lan pa t rapòte salè, oswa paske moun nan pa t konprann li te dwe rapòte salè yo lè li te reyalize yo, pa lè li te touche yo; oswa moun nan pa t rapòte salè anvan dediksyon alaplas salè nè (apre dediksyon).

Apèsi sou Kontwòl Peman Avantaj

Fonksyon ak Objektif Kontwòl Peman Avantaj yo

Fonksyon Seksyon Kontwòl Peman Avantaj yo se pou kontwole peman avantaj pou chomaj nan yon efò pou detekte, detèmine, resevwa, ak anpeche peman anplis avantaj konpansasyon pou chomaj pou kapab pwoteje pwogram nan, ajans ki administre pwogram nan, ak moun k ap resevwa avantaj chomaj yo. Yo bay atansyon espesyal pou prevansyon fwod kòm yon pi bon metòd pou kontwole peman avantaj ki pa otorize yo.

Inite Kontwòl Peman Avantaj

Gen twa (3) inite avèk Kontwòl Peman Avantaj yo.

  • Inite Odit: Inite Odit la responsab pou kontwole odit ki te fèt sou kredi salè Andedan eta a (nan Florid) ak Entè-eta (deyò Florid), peman anplis lòt inite entèn yo detekte, odit pwogram espesyal yo, ak kontestasyon. Inite Odit la kontwole tou tout nou korespondans tankou antre tout peman ki soumèt pou kapab ranbouse peman anplis konpansasyon pou chomaj.
  • Inite Nouvo Anbochaj: Inite Nouvo Anbochaj la responsab pou kontwole pwoblèm re-angajman nan nouvo anbochaj. Lejislati 1994 eta Florid te adopte lwa ki ofri rapòtaj akselere nouvo anbochaj patwon yo fè ki responsab anba Chapit 409.2576, F. S. Apati 1ye oktòb 1998, tout patwon ki nan peyi a, kèlkeswa dimansyon yo, dwe bay enfòmasyon sou nouvo anplwaye yo anboche ak re-anboche ba yon ajans leta ki deziyen. Nan eta Florid, patwon yo voye enfòmasyon sou Nouvo Anbochaj nan Florid ba Depatman Revni. Responsab Inite Nouvo Anbochaj la se pou mennen ankèt, detèmine, ak pran desizyon finansye ak detèminasyon peman anplis sou pwoblèm yo abòde kòm yon rezilta enfòmasyon sou nouvo anbochaj yo. Pwoblèm pi komen yo mennen ankèt sou yo se moun k ap travay atanplen, moun ki travay atan-pasyèl, moun ki kite djòb yo, moun ki jwenn revokasyon, moun ki anmezi ak disponib pou travay, moun ki refize travay, ak moun ki gen kapasite pou travay. Yo rezoud kontestasyon patwon yo tou nan Inite Nouvo Anbochaj.
  • Inite Rekouvreman: Inite Rekouvreman responsab pou mennen ankèt sou aktivite fwod yo sispèk ki konekte avèk fason yon moun ap resevwa avantaj pou chomaj alafwa andedan ak deyò (sa gen ladan ankèt sou aktivite fwod yo sispèk sou moun ki fè demann lan, sou patwon yo, ak sou anplwaye yo). Inite a evalye tou enfòmasyon li resevwa nan telefòn oswa nan imèl, ki rele ransèyman nan liy dirèk. Answit, li mennen ankèt sou enfòmasyon yo. Inite a pran mezi ki nesesè pou detekte aksyon ki gen fwod, pou rasanble prèv yo, epi pou evalye yo. Inite a kontwole tou pouswit lajistis ki fèt pou fwod nan konpansasyon pou chomaj nan Biwo Pwokirè Eta a ak nan pwosè k ap fèt nan Tribinal Ti Konfli yo.
An equal opportunity employer/program.  Auxiliary aids and services are available upon request to individuals with disabilities.
All voice telephone numbers on this website may be reached by persons using TTY/TDD equipment via the Florida Relay Service at 711.
You have selected a link to a website that is outside of the floridajobs.org domain. Control of the content of this website belongs to the website's owner and not to the Department of Economic Opportunity.
OK
 
Cancel