Rele Liy Dirèk Konpansasyon pou Chomaj

Ajan Konpansasyon pou Chomaj yo kapab ba ou enfòmasyon sou fason pou fè yon demann Konpansasyon pou Chomaj, sou fason pou fè demann semèn ou yo, oswa sou fason pou jwenn enfòmasyon konsènan demann ou.

Jou Liy dirèk Konpansasyon pou Chomaj okipe pi plis se lend ak madi, paske pifò kliyan yo ap mande semèn yo nan jou sa yo.

Anjeneral, pi bon lè pou jwenn yon ajans Konpansasyon pou Chomaj se:

  • Mèkredi - Vandredi, ant 8:00 a.m. ak 10:30 a.m., oswa ant 4:00 p.m. ak 5:00 p.m.

Posiblite pou Konpansasyon pou Chomaj Retounen Apèl nan Telefòn

Kounye a, Konpansasyon pou Chomaj ofri yon fonksyon retounen-apèl pou avantaj ou.

Olye ou rete tann pandan peryòd tan ki long, kounye a ou anmezi pou bay nimewo telefòn ou, rakwoche telefòn nan, epi yon anplwaye ap retounen ou apèl la nan lòd yo te resevwa apèl ou a.

Sistèm Telefòn Otomatize Konpansasyon pou Chomaj

Ou ka jwenn aksè tou nan sistèm telefòn otomatize a pou chanje PIN ou, oswa pou tande enfòmasyon sou demann ou (dat kòmansman ane avantaj ou, kantite lajan avantaj ou pa semèn, kantite lajan kredi ki disponib, kantite lajan dènye peman ou, dat peman ou, kantite semèn ou touche, enfòmasyon sou peman ak sou depo dirèk).

Sistèm telefòn otomatize a disponib:

  • Lendi – Samdi ant 6:30 a.m. ak 8:00 p.m.
  • Dimanch ant 6:30 a.m. ak 6:00 p.m., Fizo Orè Lès

Voye Imèl ba Biwo Konpansasyon pou Chomaj

Soumèt kesyon oswa kòmantè konsènan pwogram Konpansasyon pou Chomaj. Pou fè sa, itilize Fòm Kontak Konpansasyon pou Chomaj.

Yon ajan Konpansasyon pou Chomaj ap bay repons pou tout demann ou fè nan imèl nan 5 jou ouvrab, swa nan imèl oswa nan telefòn, selon chwa ou.

Dapre Lalwa Florid, imèl se dosye piblik. Si ou pa vle pou imèl ou divilge nan repons pou yon demann dosye piblik, pa voye imèl ou ba depatman an. Olye ou fè sa, kontakte depatman an nan telefòn oswa alekri.

An equal opportunity employer/program.  Auxiliary aids and services are available upon request to individuals with disabilities.
All voice telephone numbers on this website may be reached by persons using TTY/TDD equipment via the Florida Relay Service at 711.
You have selected a link to a website that is outside of the floridajobs.org domain. Control of the content of this website belongs to the website's owner and not to the Department of Economic Opportunity.
OK
 
Cancel