Byenveni nan Pwogram Konpansasyon pou Chomaj, Biwo Kontestasyon nan Depatman Opòtinite Ekonomik Eta Florid. Biwo Kontestasyon an rezoud demann konpansasyon pou chomaj ki nan konfli ak kontestasyon pou responsablite fiskal.

Fè yon Kontestasyon sou Entènèt sou Konpansasyon pou Chomaj

Isit la, ou ka fè yon nouvo kontestasyon, ou ka mande pou gen yon lòt odyans si ou pa t prezante nan odyans ou pou yon bon rezon, ou ka aprann fason pou fè Komisyon Kontestasyon pou Chomaj revize dosye ou si ou pa dakò avèk desizyon ofisye odyans lan, epitou ou ka aprann lòt posiblite ki ka disponib sou yon demann.

Lis Fòm Konpansasyon pou Chomaj

Isit la w ap jwenn fòm ki asosye avèk pwogram Kontestasyon pou Konpansasyon pou Chomaj. Fòm sa yo disponib nan lang Panyòl ak Kreyòl.

Resous yo

Tiliv Kontestasyon pou Konpansasyon pou Chomaj - Bilten 6

Enfòmasyon pou moun ki fè demann yo ak direksyon travay yo sou odyans kontestasyon an ak sou desizyon Abit Kontestasyon an.

Enfòmasyon sou Odyans devan Adjwen Espesyal

Enfòmasyon sou pwosedi odyans devan adjwen espesyal nan zafè sou kontestasyon pou taks, ranbousman ak responsablite.

Règ Abit Kontestasyon yo

Enfòmasyon konsènan règ pwosedi pou odyans devan Komisyon Kontestasyon.

Lwa Florid Konsènan Pwosesis Kontestasyon

Lyen ki mennen nan Lwa Jeneral Eta Florid ki gide pwosesis kontestasyon yo.

Komisyon Kontestasyon pou Chomaj

Komisyon Kontestasyon pou Chomaj se koudapèl administratif ki jiridik an pati. Li responsab pou revize desizyon abit apèl pou chomaj yo pran epi ki konteste. Komisyon an finanse a 100% avèk lajan gouvènman federal. Komisyon an gen biwo li andedan Depatman Opòtinite Ekonomik; men, li fonksyone kòm yon enstitisyon revizyon endepandan. Komisyon an gen ladan yon Prezidan ak de (2) Manm Komisyon. Gouvènè fè nominasyon chak man, epi Sena a apwouve nominasyon an.

Rekonsiderasyon Finansye

Ou ka mande rekonsiderasyon finansye nan 20 jou ki vini apre lè ou fin resevwa desizyon ou si:

  • salè ou montre yo pa kòrèk oswa pa konplè pou travay ou t ap fè a pandan peryòd debaz la.
  • gen patwon ou endike epi ou pa t travay pou yo pandan peryòd debaz la. (Si ou pa rapòte enfòmasyon sa a, sa kapab lakòz ou jwenn yon peman anplis, epi w ap gen obligasyon pou remèt peman an).
  • gen patwon ou pa endike, epi ou te travay pou yo pandan peryòd debaz la. (Si ou pa rapòte enfòmasyon sa a, sa kapab lakòz ou pa resevwa ase peman, yon sitiyasyon ki kapab redui kantite lajan avantaj ou pa semèn, oswa kredi ki disponib pou ou yo).

Rele 1-800-204-2418 pou jwenn èd avèk Demann ou pou Rekonsiderasyon Finansye. Oswa voye enfòmasyon detaye sou travay ou t ap fè, tankou non ak adrès travay la (yo), dat ou t ap travay la, ak nenpòt prèv salè ba:

Unemployment Compensation Reconsideration Unit
PO Drawer 5550
Tallahassee, FL 32314-5550

Faks: (850) 921-3939 oswa (850) 921-3915 Revize

An equal opportunity employer/program.  Auxiliary aids and services are available upon request to individuals with disabilities.
All voice telephone numbers on this website may be reached by persons using TTY/TDD equipment via the Florida Relay Service at 711.
You have selected a link to a website that is outside of the floridajobs.org domain. Control of the content of this website belongs to the website's owner and not to the Department of Economic Opportunity.
OK
 
Cancel