Jwenn anons enpòtan konsènan pwogram Konpansasyon pou Chomaj nan Eta Florid.

Premye Jiyè 2011Orè Liy Dirèk Konpansasyon pou Chomaj

Ou kapab jwenn orè fonksyònman ajans pou Konpansasyon pou Chomaj Depatman Opòtinite Ekonomik la a. Sèvis la disponib nan entènèt 24 èdtan pa jou, ak 7 jou pa semèn nan Sant Avantaj Konpansasyon pou Chomaj.


 

27 Jen 2011
Chanjman nan Lwa sou Konpansasyon pou Chomaj

Lejislasyon ki siyen jodi a pral amelyore responsablite ak efikasite sistèm konpansasyon pou chomaj nan eta Florid. Nouvo lwa a ap pèmèt plizyè chanjman, k ap anvigè nan kèk mwa k ap vini yo:

Anvigè depi pwojè-lwa a vin lwa

Fot Pwofesyonèl - Dapre nouvo lwa a, fot pwofesyonèl defini kòm nenpòt aksyon ki montre mepri enterè yon patwon avèk konsyans, epi lè yo jwenn patwon fè espre pou meprize oswa vyole règ konduit rezonab, epi sa ka gen ladan aktivite ki pa t fèt nan espas travay la oswa pandan orè travay la.

Men kèk egzanp fot pwofesyonèl ki ka lakòz yon refi pou avantaj yo:

  • Twòp absans oswa reta;
  • Vyolasyon volontè ak toutespre yon règ oswa yon règleman ki ta menase lisans oswa sètifikasyon patwon an nan eta Florid.
  • Vyolasyon yon règ patwon nan sèten sikonstans.

Apati de premye Jiyè 2011

Peman Avantaj - Moun ki fè demann yo epi k ap resevwa avantaj yo sou chèk an papye apati 1ye jiyè 2011 ka kontinye fè sa jouk nan fen demann yo. Moun ki fè demann yo epi ki te aplike pou demann yo apre 1ye jiyè 2011 fèt pou chwazi peman yo nan Kat Debi Konpansasyon pou Chomaj nan Eta Florida oswa nan depo dirèk nan kont labank yo.

Apati de premye Out 2011

Aplikasyon ak Sètifikasyon Semèn nan Entènèt - Ou dwe fè premye demann lan ak demann k ap kontinye yo nan entènèt. Chanjman sa a ap amelyore efikasite gouvènman an, epitou l ap pèmèt yo fè yon ekonomi $4.7 milyon ki prevwa chak ane nan depans administratif yo. Liy dirèk konpansasyon pou chomaj AWI ap toujou disponib pou reponn kesyon yo sou pwosesis aplikasyon an.

Rechèch Travay - Moun ki fè demann yo gen obligasyon chak semèn pou yo kontakte senk (5) patwon posib, epi pou yo bay enfòmasyon sa yo nan entènèt, pandan sètifikasyon yo de (2) fwa pa semèn yo pou avantaj yo. Yon fason ki rapid ak efikas pou kontakte patwon yo se itilize Employ Florida Marketplace nan.

Si yon moun ki fè demann lan pa kapab fè omwen senk (5) kontak avèk patwon yo nan yon semèn, rankont avèk yon anplwaye nan yon "One-Stop Career" zòn moun nan pou sèvis re-anbochaj ka satisfè kondisyon sa a pou semèn nan.

Revizyon Kalifikasyon - Pou kapab resevwa avantaj yo, moun ki fè demann yo dwe fè yon premye revizyon kalifikasyon nan Entènèt. One-Stop Career Centers zòn moun nan ap itilize rezilta revizyon an pou ede moun ki fè demann lan avèk rechèch djòb.

Peman Prestasyon - Si peman prestasyon pa semèn yon moun ki fè demann lan egal a oswa pi gran pase kantite lajan avantaj moun ki fè demann lan, moun ki fè demann lan pa gen dwa pou jwenn avantaj yo pou semèn nan. Peman prestasyon pa afekte kantite lajan total avantaj yo kapab peye sou demann lan.

Apati de premye Janvye 2012

Dire Avantaj yo

  • Pou tout demann ki fèt nan dat 1ye janvye 2012 oswa apre dat sa a, dire avantaj yo ap ajiste ant dènye maksimòm 26 semèn yo ak yon dire 12 a 23 semèn, selon to mwayen chomaj nan eta Florid pou twazyèm trimès sivil ane anvan an.
  • Pa egzanp, kantite maksimòm semèn pou ane 2012 la ap baze sou to mwayen chomaj la nan eta Florid pou mwa jiyè, out, ak septanm 2011.
  • Lè to mwayen chomaj la se 5 pousan oswa mwens, dire maksimòm avantaj yo ap 12 semèn.
  • Pou chak demi pousan nan to mwayen chomaj la, y ap ajoute yon semèn anplis nan kantite total semèn yo apati 1ye janvye ane sivil ki vini apre a.
  • Si to mwayen chomaj la ta rive nan 10.5 pousan oswa pi plis, yo ta dwe peye yon maksimòm 23 semèn sou yon demann ki fèt pandan ane sivil ki vini apre a.

Yo prevwa chanjman sa a pral pèmèt yon ekonomi ki estime a $103 milyon pa ane fèt nan Fon Twòs Konpansasyon pou Chomaj.


21 Avril 2011
Chanjman nan Metòd Peman yo

Tanpri sonje yo p ap mete avantaj konpansasyon pou chomaj sou kat debi ki peye davans pou moun ki fè demann yo epi ki chwazi depo dirèk kòm metòd peman yo.

Si yo mete peman ou yo sou yon kat debi ki peye davans nan moman an, enfòmasyon ou genyen sou depo dirèk ou ap efase. W ap jwenn envitasyon pou antre nimewo idantifikasyon labank yon kont labank kalifye, epi w ap resevwa peman yo sou fòm resepise w ap resevwa pa lapòs jouk lè ou bay yon nimewo idantifikasyon labank ki kalifye.

Ou ka chwazi tou pou chanje metòd peman an ou pou resevwa peman nan yon Kat Debi Konpansasyon pou Chomaj ki pwoteje.


 

24 Mas 2011
Rekòmandasyon Konpansasyon pou Chomaj pou Chèche Travay

Antan yon moun ki fè demann Konpansasyon pou Chomaj, lalwa eta Florid egzije ou pou toujou ap chèche travay lè ou fè demann avantaj yo.

Ajans lan rekòmande pou ou kontakte omwen senk (5) patwon posib chak semèn.

Ou gen obligasyon tou pou konsève yon dosye kontak rechèch travay ou. Dosye a ta dwe gen ladan non, adrès ak nimewo telefòn patwon posib la, dat ou te pran kontak la ak metòd kontak la.

Ajans lan ka kontakte ou pou fè yon revizyon rechèch travay la nenpòt kilè, kidonk tanpri toujou prepare ou pou bay enfòmasyon sou efò ou fè pou chèche travay la pou kat (4) dènye semèn yo, epitou pou reponn kesyon sou disponiblite ou pou retounen al travay.

Si ajans lan chwazi ou pou fè yon revizyon rechèch travay ou epi li pa anmezi pou verifye efò ou fè yo pou chèche travay la, li ka sispann peman avantaj ou yo.


 

10 Fevriye 2011
Kat Debi Konpansasyon pou Chomaj Eta Florid Disponib

UC Debit Card FAQs

Kounye a, Agency for Workforce Innovation ofri yon chwa kat debi pou jwenn aksè nan avantaj konpansasyon pou chomaj ou anplis chwa depo dirèk la oswa chèk nan papye.

  • Pou moun ki chwazi kat debi yo, y ap mete peman pa semèn yo nan kat Visa a, epi moun yo kapab itilize kat la pou achte oswa pou retire lajan nan yon ATM.
  • Kliyan yo ap anmezi pou itilize nouvo kat debi a gratis nan anpil ak yon pakèt ATM ak detayan toupatou nan eta a:
    • ATM ki nan rezo a gen ladan Wachovia/Wells Fargo ak MoneyPass. Gen plis pase 1,800 ATM ki nan rezo a ki toupatou nan eta a.
    • Ou kapab itilize kat debi a nenpòt kote yo aksepte kat debi Viza, tankou boutik yo, famasi yo, estasyon gaz yo, klinik prive doktè yo, ak detayan nan entènèt yo. Moun ki gen kat yo kapab pran lajan kach tou san frè adisyonèl lè y ap achte.
  • Pami avantaj yo, genyen:
    • Moun ki gen kat yo ap resevwa lajan an pi vit (youn nan kat jou pi vit pase depo dirèk la oswa chèk an papye a).
    • Lòt pwoteksyon ak sekirite.
    • Avantaj.
  • Moun ki gen kat yo kapab revize tranzaksyon yo ak balans yo nan entènèt 24 èdtan pa jou ak 7 jou pa semèn, oswa yo kapab rele 888-898-3584 pou yo jwenn èd; yo bay senk (5) apèl gratis pa mwa.
An equal opportunity employer/program.  Auxiliary aids and services are available upon request to individuals with disabilities.
All voice telephone numbers on this website may be reached by persons using TTY/TDD equipment via the Florida Relay Service at 711.
You have selected a link to a website that is outside of the floridajobs.org domain. Control of the content of this website belongs to the website's owner and not to the Department of Economic Opportunity.
OK
 
Cancel