Apèsi

Konpansasyon pou Chomaj annijans (EUC) se yon pwolongasyon federal apre avantaj konpansasyon pou chomaj nan eta Florid. Avantaj EUC yo separe an kat (4) nivo:

  • Nivo I EUC: Ofri jiska 20 lòt semèn avantaj.
  • Nivo II EUC: Ofri jiska 14 lòt semèn avantaj.
  • Nivo III EUC: Ofri jiska 13 lòt semèn avantaj.
  • Nivo IV EUC: Ofri jiska sis (6) lòt semèn avantaj.

Benefis EUC disponib pou moun ki itilize benefis regilye yo anvan “ane benefis yo a.” Dènye semèn yon moun kapab resevwa EUC nan nenpòt nivo se semèn ki fini nan dat 9 jen 2012.

Kalifikasyon

Pou kapab kalifye pou EUC, dènye peman regilye avantaj konpansasyon pou chomaj ou fèt pou tonbe nan semèn ki fini 24 desanm 2011, oswa anvan dat sa a. Si ou kalifye, yon demann EUC ap fèt otomatikman, epi y ap voye yon lèt desizyon an ba ou nan sèt (7) jou ki vini apre ou te fè demann dènye semèn konpansasyon ou pou chomaj la.

Si ou t ap resevwa avantaj EUC, epi ou te resevwa yon avi pou peman final pou Nivo I, Nivo II, oswa Nivo III EUC, w ap resevwa yon lèt detèminasyon pou salè pa lapòs, epi w ap antre otomatikman nan pwochen nivo EUC a.

Si ou pa t resevwa yon lèt detèminasyon EUC nan sèt (7) jou ki vini apre ou te fè demann dènye semèn chomaj ou, kontakte nou nan 1-800-204-2418, peze chwa 2 pou jwenn èd.

Si ou te touche tout avantaj EUC ou, ou ka kalifye pou resevwa lòt Avantaj Pwolonje, si eta a nan yon peryòd avantaj pwolonje.

An equal opportunity employer/program.  Auxiliary aids and services are available upon request to individuals with disabilities.
All voice telephone numbers on this website may be reached by persons using TTY/TDD equipment via the Florida Relay Service at 711.
You have selected a link to a website that is outside of the floridajobs.org domain. Control of the content of this website belongs to the website's owner and not to the Department of Economic Opportunity.
OK
 
Cancel