Si ou t ap travay oswa t ap viv nan youn nan konte gouvènman an deklare ki gen katastwòf, epi si ou p ap travay nan moman an akòz katastwòf la, ou ka kalifye pou Avantaj Konpansasyon pou Chomaj oswa pou Asistans Chomaj akòz Katastwòf.
Gouvènman Etazini an ofri Asistans Konpansasyon pou Katastwòf, epi li itilize biwo leta ki okipe zafè chomaj pou peye konpansasyon an. Moun ki pa kalifye pou avantaj regilye pou chomaj nan eta Florid oswa nan nenpòt lòt eta, epi ki nan chomaj akòz konsekans dirèk katastwòf la ka kalifye pou avantaj sa a. Ou pa fèt pou kalifye pou konpansasyon regilye pou chomaj (apre tout pwoblèm ki asosye avèk demann konpansasyon pou chomaj ou fin rezoud) pou ka resevwa yon detèminasyon Asistans pou Chomaj akòz Katastwòf.
Fèy Enfòmasyon Asistans pou Chomaj
Kijan pou Aplike
Ou fèt pou bay enfòmasyon ki endike anba la yo pou ranpli aplikasyon ou:
- Nimewo Sekirite Sosyal.
- Nimewo anrejistreman etranje ou ak dat espirasyon li (si w gen youn).
- Non ak adrès dènye kote ou te travay.
- Si ou te travay nan yon lòt eta pandan de (2) dènye ane yo, ou fèt pou bay non ak adrès kote ou t ap travay nan lòt eta a.
- Si ou se yon travayè endepandan epi ou gen prèv travay endepandan ou pou de (2) dènye ane yo. (Pa egzanp, etadkont W-2, deklarasyon enpo nan leta ak federal, dosye kont labank, etadkont yon bank ki montre kont biznis ou, oswa yon kopi tit oswa papye notarye pou yon pwopriyete biznis lan).
- Si ou te gen pou travay, men ou pa t ka travay akòz katastwòf la, ou fèt pou bay non ak adrès travay la, ak dat ou te gen pou al travay la.
Plis Enfòmasyon sou Asistans pou Chomaj
Asistans pou Chomaj akòz Katastwòf se yon pwogram avantaj pou chomaj gouvènman federal la finanse pou ede moun ki vin nan chomaj akòz yon katastwòf. Men kijan pwogram sa a fonksyone:
- Gouvènè a dwe fè demann asistans lan.
- Prezidan Etazini an apwouve asistans lan.
- Yon akò ki siyen fèt pou anvigè anvan yo fè nenpòt aksyon.
- Apre yo fin deklare yon katastwòf, ajans sekirite travay eta a dwe fè yon anons ofisyèl konsènan disponibilite lajan pou Asistans pou Chomaj akòz Katastwòf.
- Tout moun ki kalifye yo gen 30 jou ki vini apre dat anons lan pou fè yon demann Asistans pou Chomaj akòz Katastwòf. Si dat separasyon vini apre dat anons lan, lwa eta a ap aplike.
- Peryòd katastwòf la se peryòd 26 semèn ki kòmanse avèk premye semèn ki vini apre dat gwo katastwòf la te kòmanse, epi ki fini avèk 26yèm semèn ki vini apre dat yo te deklare gwo katastwòf la.
- Selon dat deklarasyon an, li posib pou moun yo resevwa plis pase 26 semèn avantaj.
- Yon moun dwe fin resevwa tout avantaj li gen dwa pou jwenn yo (Konpansasyon pou Chomaj, Konpansasyon pou Chomaj akòz Katastwòf) anvan pou li kalifye pou Asistans pou Chomaj akòz Katastwòf. Yon moun ki fè demann epi ki diskalifye pou li resevwa konpansasyon regilye pou chomaj ka gen dwa pou resevwa Asistans pou Chomaj akòz Katastwòf.
- Y ap kalkile dwa pou resevwa Asistans pou Chomaj akòz Katastwòf la avèk yon peryòd debaz dènye ane fiskal ki te fini anvan chomaj moun ki te konsekans dirèk yon katastwòf.
- Pou nenpòt semèn salè moun ki fè demann lan depase kantite lajan avantaj yo kalkile pa semèn nan, moun nan ap resevwa peman an pou semèn nan.
- Enfòmasyon sou Kontestasyon:
- Moun ki fè demann lan gen 60 jou pou konteste yon detèminasyon oswa yon re-detèminasyon.
- Y ap pran desizyon sou tout kontestasyon pou Asistans pou Chomaj akòz Katastwòf nan 30 jou ki vini apre dat yo resevwa kontestasyon an.
- Moun ki fè demann lan ap gen 15 jou pou konteste desizyon abit la nan biwo Administratè Rejyonal la.
- Administratè Rejyonal la ap gen 45 jou pou jwenn dosye yo ak pou pran yon desizyon.
- Administratè Rejyonal la fèt pou pran desizyon an nan 90 jou ki vini apre jou ajan eta a te resevwa premye desizyon moun ki fè demann lan.
- Etranje yo ka resevwa avantaj Asistans pou Chomaj akòz Katastwòf si yo satisfè kritè “kapab ak disponib” lwa eta a, Etranje yo dwe “kapab ak disponib” pou travay, epitou yo dwe jwenn otorizasyon Sèvis Imigrasyon ak Natiralizasyon pou yo travay Ozetazini.