Agency for Workforce Innovation

PWOGRAM VOLONTÈ ANVAN JADEN DANFAN

Kesyon yo poze tout tan yo

Kesyon Paran Poze Tout Tan
Kesyon Anseyan (Founisè) Poze Tout Tan

 

Kesyon Anseyan (Founisè) Poze Tout Tan

 

(1) Kisa Pwogram Volontè Anvan Jaden Danfan (VPK) an ye?

Gen yon amandman konstitisyonèl votè Florida yo te fè pase an novanm 2002 ki mande leta pou l adopte yon pwogram volontè anvan jaden danfan (voluntary prekindergarten program) e ki pou tout timoun kap gen kat an disi otòn 2005. Gouvènè Bush te siyen Pwojè Lwa 1-A Lachanm nan [House Bill 1-A] pou yo te ka adopte l kòm lwa le 2 janvye 2005, kòmkwa pou lwa a kreye yon pwogram ki gen kòm objektif preparasyon timoun ki gen katran pou jaden danfan epi pou l bati fondasyon ki nesesè pou timoun yo ka gen siksè nan domèn akademik.Pwogram lan fasilite paran yo pou yo anrejistre pitit yo ki elijib (timoun kap gen 4 an disi 1ye septanm e ki gen rezidans Florida) nan yon pwogram VPK ki gratis. Pwogram lan se pou timoun ak moun kap anseye l yo (founisè yo) li ye e li pa obligatwa.

(2) Kilè pwogram VPK a ap kòmanse epi kilès ki ranpli kondisyon pou anseye pwogram lan?

Pwogram VPK a va kòmanse nan ane eskolè 2005-2006 lan (nan mwa dawout oswa mwa septanm 2005). Yo ka byen pèmèt anseyan nan domèn piblik, domèn prive ak domèn ki baze sou lafwa pou yo anseye pwogram lan, tou depann, se si yo reponn a kondisyon minimòm lalwa egzije yo.

Se ann ete 2006 premye pwogram VPK a va kòmanse. Timoun yo ka patisipe nan pwogram ete VPK a nan ete kap tonbe anvan ane lekòl jaden danfan timoun lan pral kòmanse.

(3) Èske pitit mwen ka patisipe nan pwogram VPK a?

You timoun dwe gen 4 an anvan oubyen pa pita pase 1ye septanm 2005, lèfini timoun lan dwe rezide nan leta Florida pou l patisipe nan pwogram VPK a an 2005-2006.

(4) Kijan pou m enskri pitit mwen nan Pwogram Volontè Anvan Jaden Danfan nan Florida (Florida’s Pre-K Voluntary Program)?

Ou gen dwa aplike alavans pou pwogram VPK a nan http://www.vpkflorida.org/ . Nap ankouraje paran yo pou yo ale regilyèman nan sit entènèt la pou yo ka verifye dènye enfòmasyon yo. Yon fwa w fin konplete aplikasyon an alavans, biwo lokal kowalisyon ansèyman pou timoun piti a va kontakte w pou l ba w plis enfòmasyon epi pou l ede w konplete pwosede aplikasyon an. Si w gen nenpòt ki kesyon, klike sou “Ki kote pou mwen ale pou mwen jwenn enfòmasyon sou VPK nan zòn mwen an?” epi seleksyone konte kote w rete a pou ka jwenn enfòmasyon sou moun pou kontakte nan biwo kowalisyon lokal la.

(5) Ki opsyon VPK kap disponib pou fanmi yo?

Lejislati a te kreye de (2) opsyon diferan pou paran yo:

(a) Yon pwogram kap etann li sou tout ane eskolè a ki gen 540 èdtan enstriksyon akademik; ak

(b) Yon pwogram ete ki gen 300 èdtan enstriksyon akademik.

Anseyan VPK yo (founisè yo) fleksib sou fason yo pral fè aranjman sou orè lè yo pa jou ak jou pa semèn yo pou yo ka konfòme yo ak èdtan enstriksyon akademik yo egzije yo. Pa egzanp, si yon pwogram se 180 jou (menm jan ak kalandriye ane eskolè a), li ta ofri twa zèdtan ansèyman toulejou pou yo atenn 540 èdtan yo egzije a. Yon anseyan ta ka chwazi tou pou li fè pwogram 6 èdtan pa jou pandan 90 jou. Anseyan yo ka konsidere lòt opsyon tou, tankou fè yon pwogram maten oubyen yo pwogram apremidi, oubyen pou l fè youn pandan 2 oubyen 3 jou pa semèn olye pou se toulejou.

(6) Ki anseyan (founisè) prive ki gen otorizasyon pou l anseye pwogram VPK a?

Chak anseyan prive dwe gen yon lisans pou li gade timoun nan yon etablisman, yon lisans pou gen kay gadri fanmi (kay ki anrejistre yo pa otorize), yon lisans pou gwo kay gadri fanmi timoun, oubyen yon lekòl ki pa piblik oubyen yon anseyan ki baze sou swen lafwa pou gade timoun ki egzante de lisans. Epitou, chak anseyan prive dwe:

Gadri timoun ki fèt nan kay yo ak anseyan kap gade timoun e ki pa gen lisans pa otorize pou yo patisipe nan pwogram lan.

(7) Ki anseyan (founisè) piblik ki otorize pou anseye pwogram VPK a?

Pou anseye pwogram VPK ane-eskolè a, Depatman Edikasyon an dwe apwouve distrik lekòl la kòmkwa pou distrik la diminye kantite elèv nan klas yo an mwayèn, lèfini pou yo gen ase enstalasyon pou edike timoun ak yon bidjè pou fè depans ki genyen yo. Depatman Edikasyon an gen entansyon pou l verifye kilès pami distrik lekòl yo ki konfòme li ak egzijans yo nan mwad mas 2005. Yon fwa yo apwouve, chak distrik lekòl yo fèt pou chwazi pami lekòl piblik yo, kilès kap kapab anseye pwogram lan, epi lekòl sa yo sou bò pa yo fèt pou anrejistre ak kowalisyon lokal ansèyman pou timoun piti a.

Lalwa egzije pou chak distrik lekòl anseye pwogram ete VPK a bay tout timoun ki vle patisipe ladann, depi yo yo ranpli tout kondisyon yo.

(8) Kilè map kapab seleksyonen yon anseyan (founisè)?

Anvan w ka seleksyonen yon anseyan, anseyan an fèt pou l aplike lèfini i dwe ranpli kondisyon yo pou l anseye pwogram VPK a. Pwosede pou anseyan an ranpli kondisyon yo fèk kòmanse. Lè pwosede sa a va fini, alèkile wap kapab chwazi yon anseyan atravè kowalisyon ansèyman pou timoun piti a. Lè w konplete fòmilè aplikasyon preliminè a nan http://www.vpkflorida.org/, se bay ou bay kowalisyon lokal ou an enfòmasyon w yo pou kontakte w; konsa lè lè a rive, yap kapab kontakte w konsènan pwosede aplikasyon an okonplè.

(9) Konbyen timoun chak anseyan (founisè) prive ap kapab admèt pou patisipe nan pwogram VPK a?

Pwogram VPK a pa mete okenn limit sou kantite timoun chak anseyan ka anseye. Se desizyon chak anseyan pou l deside konbyen timoun li pral anseye nan pwogram lan.

(10) Èske anseyan (founisè) yo ap kapab derefize timoun ki mande anrejistre nan pwogram VPK a?

Lalwa Florida defann anseyan VPK yo diskrimine kont timoun yo oubyen paran yo sou baz ras yo, koulè po yo, oubyen orijin natif natal yo, san konte senp refi pou admèt yon timoun nan pwogram VPK a.

(11) Konbyen lajan sa koute pou anrejistre nan pwogram VPK a?

Pwogram VPK a se yon pwogram ki GRATIS pou timoun ki ranpli kondisyon yo, kèlkeswa salè fanmi yo. Anseyan yo pagen dwa pou mande peye frè anrejistreman oubyen yo pagen dwa egzije paran yo pou yo aksepte okenn sèvis anplis. Sepandan, lalwa leta a pa entèdi yon anseyan pou l mande peye frè anrejistreman pou pwogram oubyen pou gadri ki pa fè pati de pwogram VPK a.

(12) Èske pwogram VPK a ap bay transpòtasyon?

Non. Lalwa Florida byen klè sou sa lè li fè konnen ke se responsabilite chak paran pou yo depoze e pou yo ale chèche pitit yo nan pwogram VPK a. Gen de anseyan ki ka byen ofri sèvis transpòtasyon, e nap ankouraje fanmi yo pou yo pouswiv opsyon sa yo anvan yo chwazi yon anseyan VPK.

(13) Èske mwen oblije anrejistre pitit mwen nan pwogram VPK a?

Non. Paske pwogram VPK a se yon pwogram ki volontè.



Kesyon Anseyan (Founisè) Poze Tout Tan

 

(1) Kisa Pwogram Volontè Anvan Jaden Danfan (Voluntary Prekindergarten) ye?

Gen yon amandman konstitisyonèl votè Florida yo te fè pase an novanm 2002 ki mande leta pou l adopte yon pwogram volontè anvan jaden danfan (voluntary prekindergarten program) e ki pou tout timoun kap gen kat an disi otòn 2005. Gouvènè Bush te siyen Pwojè Lwa 1-A Lachanm nan [House Bill 1-A] pou yo te ka adopte l kòm lwa le 2 janvye 2005, kòmkwa pou lwa a kreye yon pwogram ki gen kòm objektif preparasyon timoun ki gen katran pou jaden danfan epi pou l bati fondasyon ki nesesè pou timoun yo ka gen siksè nan domèn akademik. Pwogram lan fasilite paran yo pou yo anrejistre pitit yo ki elijib (timoun kap gen 4 an disi 1ye septanm e ki gen rezidans Florida) nan yon pwogram VKP ki gratis. Pwogram lan se pou timoun ak moun kap anseye l yo (founisè yo) li ye e li pa obligatwa.

(2) Ki opsyon VPK kap disponib pou fanmi yo?

Lejislati a te kreye de (2) opsyon diferan pou paran yo:

(a) Yon pwogram kap etann li sou tout ane eskolè a ki gen 540 èdtan enstriksyon akademik; ak

(b) Yon pwogram ete ki gen 300 èdtan enstriksyon akademik.

Anseyan VPK yo fleksib sou fason yo pral fè aranjman sou orè lè yo pa jou ak jou pa semèn yo pou yo ka konfòme yo ak èdtan enstriksyon akademik yo egzije yo. Pa egzanp, si yon pwogram se 180 jou (menm jan ak kalandriye ane eskolè a), li ta ofri twa zèdtan ansèyman toulejeou pou yo atenn 540 èdtan yo egzije a. Yon anseyan ta ka chwazi tou pou li fè pwogram 6 èdtan pa jou pandan 90 jou. Sonje ke se pou pwogram yo apwopriye pou devlopman akademik timoun yo epitou leta a ap peye pou èdtan enstriksyon akademik yo sèlman

- aktivite tankou syès pa kalifye pou finansman. Anseyan yo ka konsidere lòt opsyon tou, tankou fè yon pwogram maten oubyen yon pwogram apremidi, oubyen pou yo fè yon pwogram pandan 2 oubyen 3 jou pa semèn olye pou se toulejou.

(3) Kilè pwogram VPK a ap kòmanse epi kilès ki ranpli kondisyon yo pou anseye pwogram lan?

Pwogram VPK a va kòmanse nan ane eskolè 2005-2006 lan (nan mwa dawout oswa mwa septanm 2005). Yo ka byen pèmèt anseyan (founisè) nan domèn piblik, domèn prive ak domèn ki baze sou lafwa pou yo anseye pwogram lan, tou depann, se si yo reponn a kondisyon minimòm lalwa egzije yo.

Se ann ete 2006 premye pwogram VPK a va kòmanse. Timoun yo ka patisipe nan pwogram ete VPK a nan ete kap tonbe anvan ane lekòl jaden danfan timoun lan pral kòmanse.

(4) Kijan pou m aplike pou mwen ka vin yon anseyan (founisè) VPK?

Ou gen dwa aplike alavans pou sa ofri pwogram VPK a nan http://www.vpkflorida.org/ . Nap ankouraje anseyan yo pou yo ale regilyèman nan sit entènèt la pou yo ka verifye dènye enfòmasyon yo. Yon fwa w fin konplete aplikasyon preliminè a, biwo lokal kowalisyon ansèyman pou timoun piti a va kontakte w pou l ba w plis enfòmasyon epi pou l ede w konplete pwosede aplikasyon an. Si w gen nenpòt ki kesyon, klike sou “Ki kote pou mwen ale pou mwen jwenn enfòmasyon sou VPK nan zòn mwen an?” epi seleksyone konte kote w rete a pou ka jwenn enfòmasyon sou moun pou kontakte nan biwo kowalisyon lokal la.

(5) Ki anseyan (founisè) prive ki gen otorizasyon pou l anseye pwogram VPK a?

Chak anseyan prive dwe gen yon lisans pou li gade timoun nan yon etablisman, yon lisans pou gen kay gadri fanmi (kay ki anrejistre yo pa otorize), yon lisans pou gwo kay gadri fanmi timoun, oubyen yon lekòl ki pa piblik oubyen yon anseyan ki baze sou swen lafwa pou gade timoun ki egzante de lisans. Epitou, chak anseyan prive dwe:

Gadri timoun ki fèt nan kay yo ak anseyan kap gade timoun e ki pa gen lisans pa otorize pou yo patisipe nan pwogram lan.

(6) Ki anseyan (founisè) piblik ki otorize pou anseye pwogram VPK a?

Pou anseye pwogram VPK ane-eskolè a, Depatman Edikasyon an dwe apwouve distrik lekòl la kòmkwa pou distrik la diminye kantite elèv nan klas yo an mwayèn, lèfini pou yo gen ase enstalasyon pou edike timoun ak yon bidjè pou fè depans ki genyen yo. Depatman Edikasyon an gen entansyon pou l verifye kilès pami distrik lekòl yo ki konfòme li ak egzijans yo nan mwad mas 2005. Yon fwa yo apwouve, chak distrik lekòl yo fèt pou chwazi pami lekòl piblik yo, kilès kap kapab anseye pwogram lan, epi lekòl sa yo sou bò pa yo fèt pou anrejistre ak kowalisyon lokal ansèyman pou timoun piti a.

Lalwa egzije pou chak distrik lekòl anseye pwogram ete VPK a bay tout timoun ki vle patisipe ladann, depi yo yo ranpli tout kondisyon yo.

(7) Ki estanda oubyen ki kondisyon yo egzije pou pwogram VPK a nan ane eskolè a?

Yon anseyan kap anseye pwogram lan pandan ane eskolè a dwe:

(8) Kisa estanda oswa kondisyon pou anseye pwogram VPK a pandan ete a ye?

Yon anseyan (founisè) kap anseye pwogram VPK pandan ete a dwe:

(9) Konbyen timoun chak anseyan (founisè) prive ap kapab admèt pou patisipe nan pwogram VPK a?

Pwogram VPK a pa mete okenn limit sou kantite timoun chak anseyan ka anseye. Se desizyon chak anseyan pou l deside konbyen timoun li pral anseye nan pwogram lan.

(10) Èske anseyan (founisè) yo ap kapab derefize timoun ki mande anrejistre nan pwogram VPK a?

Lalwa Florida defann anseyan VPK yo diskrimine kont timoun yo oubyen paran yo sou baz ras yo, koulè po yo, oubyen orijin natif natal yo, san konte senp refi pou admèt yon timoun nan pwogram VPK a.

(11) Konbyen lajan yap bay pou chak timoun?

Se lejislati a, nan sesyon lejislatif li gen pou l fè an 2005, kap deside ki kantite lajan yap bay pou chak timoun, e sesyon sa a sipoze fini le 6 me 2005. Gouvènè Bush te mete nan Rekòmandasyon Bidjetè 2005-2006 yon alokasyon pu etidyan ki baze sou $2,500 pa timoun. Lejislati a ka byen adopte rekòmandasyon $2,500 tankou tou li ka byen chanje l.

(12) Èske paran yo pral gen frè pou yo peye nan pwogram VPK a?

Pwogram VPK a se yon pwogram ki GRATIS pou timoun ki ranpli kondisyon yo, kèlkeswa salè fanmi yo. Anseyan yo pagen dwa pou mande peye frè anrejistreman oubyen yo pagen dwa egzije paran yo pou yo aksepte okenn sèvis anplis. Sepandan, lalwa leta a pa entèdi yon anseyan pou l mande peye frè anrejistreman pou pwogram oubyen pou gadri ki pa fè pati de pwogram VPK a.

(13) Kijan anseyan (founisè) VPK yo pral fè pou yo touche lajan yo?

Anseyan VPK yo pral touche lajan yo davans ak yon rekonsilyasyon sou prezans yo kap fèt nan fen chak mwa. Gen plis detay konsènan pwosede pewòl yap mete sou pye epi detay yo va disponib nan yon dat ann apre.

(14) Èske pwogram VPK a ap bay lajan pou transpòtasyon?

Non. Lalwa Florida byen klè sou sa lè li fè konnen ke se responsabilite chak paran pou yo depoze e pou yo ale chèche pitit yo nan pwogram VPK a. Gen de anseyan ki ka byen ofri sèvis transpòtasyon pou fanmi yo.

Si w gen kesyon toujou epi w pa jwenn repons yo nan feyè “Kesyon yo poze tout tan” sa a, tanpri tape kesyon yo nan sit entènèt la, senpleman klike sou “voye opinyon ak kesyon yo bannou” ki anba “Èske ou gen kesyon?”

 

 

 

 

    

An equal opportunity employer/program.  Auxiliary aids and services are available upon request to individuals with disabilities.  All voice telephone numbers on this website may be reached by persons using TTY/TDD equipment via the Florida Relay Service at 711.

Programa/Empresa que ofrece igualdad de oportunidades. Los asistentes y servicios auxiliares están disponibles a pedido de personas con incapacidades. Aquellas personas que usen equipos TTY/TTD a través del Servicio de Retransmisión de Florida llamando al 711 pueden acceder a todos los números telefónicos de voz en este sitio Web.